bay pep la yon souf

< Previous | Home | Next >

M'ta renmen konnen nèg sa yo kap rélé pèp la pou manifesté
tout la jounen, eské nèg sa yo gen yon vizion pou péyi a,
ki vlé di Ayiti se yon péyi ki dwé rété toujou nan lôbèy,
mpansé aprè 12 janvié Ayisyen tap pran konsyans
pou yo kolé tèt yo ansanm pou sové peyi a.

Men jodia mwen wè nèg ki te nan léta ki tap volè sou fatra a,
yo tout bezwen prézidan, se yo menm kap rélé pèp la pou mété bann madigra deyô,sa rèd lè yon moun pa konn li ekri, se sa volè yo konnen ki fè yap gonflé kolèt yo konsa.

mézanmi kité pèp la trankil sispann fè demagoji, nou pa itil péyi a anyen, sak pi rèd kouniè a mwè yonn yo rélé Mariz Nasis ki tou limen, mtandé kap défann lavalas
ki sak lavalas la sa lavalas la siyifi, mézanmi bay moun lapè
grimas nou yo depi bagay lavalas sa a rivé nan péyi dayiti
se moun kap mouri, siclôn, dlo,depi noulevé pwovèb la di lè lavalas pasé tout sal jwen li potél alé

Lavalas déja fin poté nou alé deja mpa konn nan ki zafè lavalas nou yé la a

Ayisyen ouvè jé nou pou yon lôt orizon, menm si nou pa entèlektièl mkwè fok nou wè sa ki bon ak sa ki pa bon

tout volè sa yo kap fè nou swé nan solèy pap réglé anyen pou nou, yo té la déja nou wè ki éta péyi dayiti téyé avan 12 janvié

dépi Ayiti ékzisté sété moman ké péyi té pi sal nan jé le mond entier, mpa kwè se politisyen sa yo mta kité ap fèm kouri nan lari tout la jounen ap manifesté.

sèl konsèy, mta ban nou kité Préval tèminé manda li pou nou éli yon nouvo Prézidan

pou nou ka orianté nou yon lôt maniè pou sové péyi é pèp Ayisyen

si lavalas pat krazé lamé Dayiti mpa di pa tap gen pwoblèm ensekirité li pa tap janm rivé nan nivo li yé jounen jodi a
se domaj mwen wè gen moun kap rélé viv yon nonm ki mennen yon lamé étranjé pou krazé lamé pwop péyi li

sé vré panyen mango a te gen kèk grenn ki pouri, map jété grenn ki pouri yo, pou yo pa gaté rès yo

se sa ki enteléktièl la (n'importe quoi).

..

Peeter, August 26 2010, 4:04 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Sa w ta vle la...? Ou ta remmen genyen yon prezidan INITE/INIKITE pou gouvene, pou kontinye fe sa papa w Preval ap fe... read more >
Moun Ki Rayi Sal P..., 26-Aug-10 5:54 pm

 

< Previous | Home | Next >