Wyclef Pap Kite Ayiti Anvlope E Diaspora Ka Retounen Nan Peyi Li Tande

< Previous | Home | Next >

Wyclef di li konnen teren an tre byen e li vle vini prezidan pou plizye rezon:

1. Mennen Investisman an dedan peyi

2. Ankouraje Diaspora retounen lakay li pou li ka envesti e kreye travay pou lot fre yo ak se yo

3. Fe tout Ayisyen vini kon li ak ekri

4. Ankouraje prodiksyon nasyonal nan kreye plis travay nan agrikilti pou anpeche twop enpotasyon nan peyi Dayiti

5. Pou kreye otorout, anpil pon ak rout sekonde andedan peyi a

6. Pou Fe nou vini genyen twa gran pati politik nan linyon, linite, pwogre e fas a fas pou fe bagay yo mache

7. Pou restore imaj peyi Dayiti kote vye imaj ke yap bay nan televizyon etranje yo ap kraze peyi a chak jou. Li di ke Ayiti se yon bel peyi e se pou televizyon etranje montre imaj Ayiti nan Nord, Sud, Est e Ouest tou. Vye imaj yo pral fini ni nan Hollywood ak televezyon Ameriken e fok yo respekte Ayisyen tout bon vre...

8. Li di ke lap prezidan pou tout jenn yo e li genyen laj 40 lane e li tre jen e li pral fe jefo poul ka chanje figi politik la nan peyi Dayiti.

Avek dyalog fas a fas ke li pral restore nan peyi a, Ayisyen pral apran diskite problem yo san vyolans.

Li di se la mize ki fe gen tout vyolans sa yo andan peyi Dayiti e sal pral chanje nan gouvenman li an. Ayisyen pral rive bwe, manje e travay tankou tout pep sou la te e imilyasyon pral fini pou yo...

9. Lap prezidan pou fe respekte tout Ayisyen e li pral kreye travay pou redwi vyolans ak krim andan peyi a.

10. Lap prezidan pou fe respekte dwa fanm e li pral retire tou chomeko nan mitan jenn inivesite yo tou

Avek Wyclef ou pral genyen yon lot peyi e tout moun pral konnen respekte Ayisyen.

Li mande pou pep la fe li konfyans paske travay, wout, elektrise, dlo, lekol, agrikilti e konstriksyon Sant Komesyal sa nou rele shopping centers nan lang angle e tout lot kalite infrasktiti pral mete peyi sou rout devlopman vre...

Ayiti pap anvlope avek Wyclef selon inteviou li nan radyo metropol nan 7 Daou pou rive 2010

Toulimen, August 7 2010, 9:28 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Wyclef ou deja prezidan e mwen pral vote pou ou paske ou ekri e pale lang mwen an tout bon vre. read more >
Jean-bas, 7-Aug-10 9:35 pm
Toulimen, mwen we ou voye monte kandida ou a byen papa. Wyclef deja prezidan e nou we nan li tankou se Fernandez an... read more >
Antoine Miami, 7-Aug-10 9:38 pm

 

< Previous | Home | Next >