Titid Se Sel Solisyon Lobey Nan Zeleksyon 2010 Yo

< Previous | Home | Next >

We pa we e vle pa vle, 7 Fevriye 2011 se retou yon gwo kokenn chenn Ayisyen ki remplase Fignole, leader ke moun pa ka konteste ap tounen pou vini retire Ayiti nan labou e fatra santi ke li trouve li a. Mezv oubyen Mezvinsky Family nan Ayiti pral sispan finanse eleksyon bidon, kou deta e zeleksyon malonnet nan peyi Dayiti.

Dr. Aristide se met teren e se li ki toro a. Lap retounen kanmen apre 7 Fevriye 2011. Kle nouvo pale pral remet ak prezidan pep la ke nou rele Dr. Aristid.

E si yo pa mete kle a anba pot la, roulo komprese ap anseye yo yon gwo leson tout bon. Egzil Aristid fini tout bon vre. We pa we Aristid ap tounen lakay tout bon vre...

Mobilizasyon an deja komanse e profet la nan wout tout bon vre. Viv Ayiti e viv Aristid pou tout tan!

Charlie, July 31 2010, 10:30 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >