GREV: Jedi 22 Jiye 2010 la Grev Nasyonal davetisman

< Previous | Home | Next >

C.O.S.S.T.T.R.A.H
GREV: Jedi 22 Jiye 2010 la Grev Nasyonal davetisman
Anvan twa jou pou Prezidan Preval mete yon lot machin K.E.P nan peyi a.

>Nou men'm Oganizasyon konsekan ki anndan sekte prive a,
>Nou men'm Sendika konsekan ki anndan sekte transpo a ki nan kat kwen peyi a,
>Nou men'm Oganizasyon de baz konsekan ki anndan sekte popile ki nan peyi a,
>Nou men'm Oganizasyon Etidyan konsekan ki anndan sekte Inivesite nan peyi a,
>Nou men'm Oganizasyon Sosyo Politik konsekan ki anndan sekte Politik la.
Asanm ansanm nou di: Grev sa a pou anwo pa desann anba pa monte, nan mitan rete red.

Pou kelkeswa machin tankou: Prive, Taksi, Moto taksi, kamyonet, Ti bis, Gwo bis, kamyon bwat, Kamyon dlo,
Kamyon baskil, Trele, ak machann, Elev lekol, pwofese, Chofe, ak tout lot travaye yo kit nan potoprens, nan
Okap, nan Latibonit, nan Plato Santral, nan Podepe, nan Nip, nan Jakmel,, nan Okay ak nan Jeremi rete chita
lakay nou jou Grev sa a kap 22 Jiye 2010 la pou Peyi a ka genyen yon lot machin K.E.P ki pou fe Eleksyon
kredib, onet, transparan e demokratik san kontestasyon pou yon bon pouvwa Lejislatif, Jidisye ak ekzekitif.

Ki
pou bay pep la satisfaksyon nan revandikasyon l-yo, nan chak depatman, awondisman, ak tout seksyon kominal
ki nan Peyi a.

Tankou nan zafe kontravansyon gwo ponyet 500 goud, 100 goud, 1500 goud, 2000 goud, 10 000 goud
kap souse san kit se Chofe prive, Moto taksi, Kamyonet, Ti bis, Gwo bis ak tout chofe Gwo kamyon yo. Tandi ke
gaz ak pyes machin che, pri kous yo pa janm fikse sou pri galon gaz yo vann nan e wout yo ki finn kraze tout
kote nan peyi a se pa pale.
Fok tout chofe ak tout lot travaye yo jwenn kredi nan BNC, ak asirans sosyal.

Pou tout travaye ki dekapitalize yo, ki anba tant yo, fok yo jwenn kay pou yo rete, fok pitit yo al lekol e
fok yo jwenn finansman pou yo reprann travay yo.

Fok polisye yo jwenn bon jan ankadreman nan PNH la. Fok pwofese lekol yo jwenn bon jan ankadreman
nan anseyman an tout kote nan Peyi a.

Fok Etidyan yo jwenn bon ankadreman nan inivesite yo ki nan chak depatman peyi a.
Fok yo kreye travay pou jen yo ki nan sekte popile a ki nan chak depatman, arondisman ak seksyon
kominal yo.

Fok pati politik yo jwenn ankadreman paske se yo ki zouti politik peyi a.

Fok tout travaye ki tap travay nan konpayi SONI jwenn jistis ak reparsyon deske yo fe sendika.

Patwon
pa ere yo ki nan: CSH, CGT, CNEH, STPH, UT2H, CTH, KOMOKA / MSH revoke yo. San yo pa peye yo.
Fok yo peye tout travaye ONA, APN, TELECO, SMCRS ak Sevis plis lajan yo dwe yo a.
Fok sosyete koperativ yo jwenn kob yo a.

Grev jedi 22 Jiye 2010 la a se pou Prezidan Preval reponn revandikasyon peyi a avan twa jou pou'l mete
yon lot machin K>E>P ki pou fe bon eleksyon nan peyi a ki pou satisfe revandikasyon Pep la tout kote
ki nan peyi a.

Pou C.O.S.S.T.T.R.A.H _________________
Saint-Louis Miguel
Coordonnateur

C.o.s.s.t.t.r.a.h, July 20 2010, 9:13 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >