LIDE POU CHANJE MANTALITE-Pa: Chrisytoanrdeni/Adrien Chenet

< Previous | Home | Next >

Man Hat Tan, NOUYÃ'K, USA.

19 JIYÈ 2010

CHRISTONARDENI/ADRIEN CHENET

M DEVAN NASYONINI CHAK JOU-KWÈW DEJA SA KÈW SWETEM-

(Lide Pou Chanje Mantalite)
*
M DEVAN NASYONINI CHAK JOU-KWÈW DEJA SA KÈW SWETEM-

(Pwezi Kreyòl Ayisyen)
*
M DEVAN NASYONINI CHAK JOU-KWÈW DEJA SA KÈW SWETEM-

Pa: Christonardeni/Adrien Chenet
*
In Memoriam: POU TOUT VIKTIM TRANBLEMANNTÈ 12 Janvye 2010 SOU TÈ ZILE'N AYITI
*
DEDIKAS POU: Vyèjemèn -NETTI-FARAH-Gèrdy-Manesta
-TITA-TATA-Sarah-Paula-Gilèn-Josiane-Sanite-LITANE-
CELITA-DIEULA-Junie-Gabrielle-Jasmine-Margella-
-Sonia-CAROLINE-Suzette-AMELA-Lizète-joujoune-
-CHANTAL-Nadine-Eunide-Karline-Jeannette-Dieula-
LINA-Anita-Katia-LINA-AMELIE-Emmanuella-Clarina-
Soeurette-LEONIE-Carmélita-Léonie-Marlène-Justine-
*

M DEVAN NASYONINI CHAK JOU-KWÈW DEJA SA KÈW SWETEM-
*

Pa: Christonardeni 

Christonardeni
*
NOU LA PA VRE ZANMIM-FÈM WÈW.

S Sekou bon tan pa fè Renomek glwa Tiran.

( Solidarite'n fè Sakrifis pranw bon ran...

! )
Kot lavin pran fondmann Sous byennèt pàn sakre.

Loray toufe gwondmann sou plant van masakre.

Wout konfizyonk pave Pou chwal lagèk jwa'k chanj
Diplomat se save Zèv lapè bay dwa lwanj.

Joun vle aprann renmen Lanmoun klase mokè.

Degoutans dekrenmen.

( Aksyonèk Dyak Pok

Awouyaw blag planke Lavil se baton chen.
Remèd zòk koul flanke: " Metsiyen Barachen "
Gerizonw Animal Chita sou Wòch dife.
Joul kasel fèw pimal.

Nonw rejis Pèp bife.
Karyèw tabliw Bousyè.

Dantanw chich padonnen.

Kagezon Zanw pousyè.

Chitaw Nanm bandonnen.

 DEPI TOUT TAN SAA- NAP TANN- KOT ÈD PÈP LA.

Flatbouch pa Matisan.Kèw pèp dezas twouble.

Mikwow apetisan.Kominote'n double.

Wont pranw dejenere.

Regrèt lantèmann.

Konsèp Kensinere.

Tonm kase mèl fèmann.

Santiman près peyin Awogans neglije.

Nanw lit poud Kokayin Konplotèk aflije.

Bon tank pat asire Rakousil baw lonbraj 

Sòlda Bòt pat sire Klewonl sonnenw ankraj.

Wal diw ganw Esperans.

Douvan jouw sonw brazye.

Rekouw se tanperans Kont lojik wont Frazye.

Louch soup kantin lame Lawon make sou Nonl.
( Sipriz Bitòw blame Fiziw siyel Kanonl

Jew Pa konn pri lasil Brasè vann refraktè.

Fèmenw pòt pa fasil Anba nenw san Karaktè.

KI SÀN YE SOUPLE NAN JE LETRANJE...?

Dirijann blòf bafre.

Pèp prann Peyin nan men...

!
Si nap konbat afre Tout Ras dwe bann lanmen.

Rèv demen miyòn sòv. Ti kout kle'n pezape...?

Peyin rich. Fanmin Pòv. Lekonomin sape...

? 
Chanjman paw kout pokè.

Tab raz Kouzen jèmen.
Kiltin louvri pòt kè Malchans ak Tò fèmen.
Ranmase karaktèn. Donte Jouk Malsite.

ZILE"N Twòn detraktèn Vanyank bati site.
Konnenk kab pataje.

Swaf mennenn tèt sous.
Fon Kèm ap ravaje.

Vi Mizèm pa janm dous.
Giyonw pranw mas zanmim.

Laviw anbarase.

Galataw plen fanmim.

Lojik debarase.

Pwofesyonw anpaye.

Sipòk kab bal bon sans.
Filozofiw Kaye Pa kontel jou nesans.

DEMEN LA PRÈS SOU BRA LESE YO FÈ PA VRE...?

Cho fè Kèw desechan.

Dis kalitew miskle.

( Mechanste krenn Mechan.

Trèt renmen zam nikle.

)
Sou Mòn kou nan vale Manje -Bwè- Jwe- Fimen.

Gratis san menm pale. Tòch Ayitik limen...?

Danjew san di petèt Nanw koudyay wenvite.

Sere Dan. Mare Tèt. Chòk baw aktivite.

Twòk chanbadmank kreye Dezòd Zèv perisab.

Divize pou reye. Kapris fèw rayisab.

Kot san Pèp detenn Nasyonn viv kon de sè.

Sanmbak pa vlel etenn Sipòw sèl nesesè.

Evite'n Estokè San konkirans ponm nen.
Gran Savwa paltokè Bebe papa'p pwonmnen.

Richès la Tèw Freman Kòz manm Baz ensandye.

Blam paw lwil sakreman Sou Lotèl Plezandye.

Christonardeni 
Christonardeni
Christonardeni 

19 JIYÈ 2010
Wòkfelè Sentè
Man Hat Tan, Nouyòk,
Etazini Damerik, USA 

Enprimati: Adrien Chenet ®©
Imprimatur: Adrien Chenet ®©
Otè: Christonardeni/Adrien Chenet ®©

chenetadr at yahoo.com

Dwa Otèa Rezève pa: Adrien Chenet ®© MMX (2010)
Otantifikasyon: Adrien Chenet ®© MMX (2010)
Authentification: Adrien Chenet ®© MMX (2010)
Tout Dwa Rezève ®© MMX (2010)
Copy Rights ®© MMX (2010

Adrien Chenet, July 19 2010, 1:15 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >