nou beswen pi serye

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 2323

Mwen dakò avèk pwen ou yo, men fòk nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvènman an ki dwa a yo, se pa sitwayen yo. Nou konnen byen pròp.Mwen ap di sa ankò: afè edikasyon, sante, sekirite,dlo potab sèvis de baz sa yo se yon devwa li ye pou yon gouvènman bay sitwayen ki nan peyi li. Di m' nan ki peyi serye ki moun serye ki ap gouvene ladan l' bagay sa yo se pa gouvènman an ki bay yo. Mesye an nou pi serye.Mwen panse nou ka fè plis ke sa.

Mwen kapab konprann se tout moun ki pou mete men nan pat la si nou vle sove peyi nou. Mwen konnen peyi se pou nou tout li ye.Si imaj li sal, se imaj tout ayisyen ki sa kèlkeswa nivo sosyal ou.men gouvènman an dwe montre bòn volonte l'.

Imajine w' ou antre nan peyi a ou vin ouvè yon business.

Ou nenpòt 5 Kan pou mennen demach.

epi ou pa jwenn okenn resilta pozitif.

Yo pap baw' pèmi pou ouvè.Sa vle di ou sòti nan peyi etranje ou beswen pran dwa yo nan menyo.Men istwa peyi nou.

gen de moun dèske yo nan yon gouvènman a fè yo ap byen mache zafè ti mass pèp la.Yo mèt mouri nan gran gou. Yon lòt bagay ankò konsènan sèvis de baz nan yon sosyete, dayè, konstitisyon an di sa:lekòl primè sipoze obligatwa nan tout peyi a. Kòman fè frè lekòl se nan pòch paran li ap sòti.Li lè li tan pou nou sispann ap lonje bòl blanch nou bay peyi etranje.

Se pou nou ramase karaktè nou antan ke yon lib e endepandan.

pou lame a menm, nou di nou pabswen lame pa nou, men nou beswen yon lame etranje.Men ki kote bagay sa yo ap rive. patriotism nan pa gengen sa ankò.

Si moun ki ap dirije yon peyi pa gen act de patriotic ki moun ki ap genyenn.

Nou gen dwa fòme yon lame ak jèn.Chak ane gen konbyen mil jèn ki pase nan bakaloreya, epi ki chita menm nan inivèsite yo pa antre.

Pou ki nou pa pran jèn sa yo.Nou fòme yon fòs ak yo.Fòs lontan, pwoblèm li te gen ladan l' sèke te gen tròp moun ki pat kon li latan li.Nenpòt ti bagay yo ofri yo vire tèt yo.Epi gen yon trvay ki pou fèt nan mitan pèp la.Se pou edike pèp la tou. pou nou fè yo aprann renmen peyi yo avan tou.men avan nou fè sa fòk nou fè devwa pa nou tou.

mèsi ou te reponn mesaj mwen an. Mwen apresye sa anpil.

Talk to you later.

Fernando, June 24 2007, 1:02 PM

Topic: preval's government

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mwen dako avek pwen ou yo, men fok nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvenman an ki dwa a yo,se... read more >
Fernando, 24-Jun-07 1:00 pm
Mwen dako avek pwen ou yo, men fok nou konnen ke nan tout peyi serye gen de bagay se yon gouvenman an ki dwa a yo,se... read more >
Fernando, 24-Jun-07 1:02 pm

 

< Previous | Home | Next >