mobilize pou debleyman...nap tann blan...

< Previous | Home | Next >

Mwen menm mwen pansé jounen jodia, si vrèman gen yon apel pou mobilizé pèp

Ayisyen, se tap pito yon apèl pou mobilizasyon deblèyman kapital la ak tout

lot zôn ki té touché pa tranbléman de tè a, politisyen kokorat ap kriyé tout

jounen, yap rélé pèp la pou pran lari,épi potoprins bouré grava nan tout la

ri, pwovèb la di men ampil chay pa lou, yo pito chita ap mét bann madigras yo

deyô tout la jounen nan foli pouvwa, olié antreprann aksyon pou nétwayé

péyi a....yo chita nan bouda blan tout la jounen di se blan ki koz péyi a

nan éta li yé a, men jodia bann sénatè ap ekri paléman nan pliziè péyi

étranjé pou bloké finansyèman èd pou zafè eleksyon ki gen pou fèt

pou pèmèt péyi a demaré,sa moutré ké nèg sa yo pa gen devan yo pa gen dèyè

yo pa konn ki sa yo vlé,sèl sa mwen régrété an tan ke Ayisyen, se lè yap

rakonté istwa péyi dayiti, yap di pèl dè zantiy ki vin, n péyi ki pi sal nan

karaib la, e lè wap gadé vré konpotman yon seri de nèg kap pran poz gro

politisyen yo, kap manjé sou fatra nan kwa bosal, e ki fè pèp Ayisyen konprann

ke lavi a se jan yap viv la li yé, pa gen miyô ke sa, mtrouvé se lamantab, yon

nonm mèt dim sa ou vlé,sé blan nèg yo ap tann pou vin debléyé péyi a, bann

sénatè dépité kokorat mal pou wont sa yo ki pa gen okin objektif pou peyi a,

nèg kap défann souveraineté ak fièté yo, tanpri souplé se pa anyen ki pi

serié nap fè pou péyi a ak pèp la, nou la depi ti konkonb tap goumen ak

berejèn, nou pat janm te fè anyen, e nou pap janm fè anyen pou péyi a, map mandé

nou réspè ak onètté pou tout sitwayen ki vlé bay Ayiti ak tout pèp

ayisyen an yon kout men nan trajedi sa a ke yap travèsé a.

Ayiti bezwen yon chans.

Peter, July 7 2010, 4:31 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Pluzier nan etranger ki en Haiti participer nan komplo pou renverser chef d'etat ki pas nan interet economik yo. Pou... read more >
Selina, 8-Jul-10 12:52 am

 

< Previous | Home | Next >