Nou Ka Rekonstri Ayiti

< Previous | Home | Next >

Bonjou presidan mwen. Kom ou tout Ayisyen konnen ou se pi bon prezidan peyi a genyen.

Mwen konnen ke ayiti si telman gen problem li vreman difisil pou konnen ki kote pou komanse.

Sepandan, mwen gen kek sijesyon.

Li tap tre bon Mr prezidan pou ou travay plis toujou pou securize peyi a. Mwen apresye bel travay ou gentan fe deja yo. Si peyi a te genyen yon sevis sekret fos li tap vreman bon. Li facilite lapolis pou apreyande plis bandi.

An plis gouvenman an ta dwe anpeche media an braodcast kek nouvel ki ka afekte imaj peyi nou an. Konsa, touris ap retounen ayiti anko, moun ki nan Diaspora a ap tounen lakay ak ke kontan.

Anko, investi nan edukation.

Olye de pran ed nan men gro peyi yo an likid ou materiel, creye yon komite, Mr prezidan, pou cheche bous pou etidyan yo ale pran matriz, doctora nan de preferans.

Epi, leta ayisyen ap fe yon kontra ap moun sa yo pou yo retounen vin sevi peyi a pou yon dire de tan. Konsa, nap gen ase de moun ki kalifye pou ajoute metriz, doktora nan univesite nou yo. Etidyan nou yo pap al siporte ekonomi St Domingue anko. Epi nap gen ase profesor ki kalifye pou leta ka desantralize edukasyon an. Pou fini, Mr Prezidan, li tap bon anpil si ou ta angaje tout ayisyen nan recontriksyon peyi a. Ayiti se pou ayisyen li ye. Pa gen moun kap vreman ede nou si nou pa determine pou ede tet pa nou. Ki jan ou ka angaje tout Ayisyen nan rekonstriksyon ayiti?

Ayisyen ki edike epi ki gen lajan kap viv nan diaspora a e Ayiti sifi pou chanje imaj peyi a. Sonje premye sijesyon mwen an se te o sije de sekirite.

Now, kreye yon website kote tout ayisyen ki deyo peyi ka inscri.

Promote website la nan TV, Radio pou kapab enkouraje yo pou yo vin envesti nan rekonstriksyon peyi a. Ou ka osi voye kek memb nan gouvenman an diferan peyi pou rankontre moun sa yo tou. Panse sou yo Mr prezida

Jeffrey M Elveus, June 11 2007, 4:39 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >