Bann politisyen vole,kite pep la trankil, pou konstriksyon an demare.

< Previous | Home | Next >

pèp sa a tèlman pa gen lanvè pa gen landwat, sé rézon sa a ki fè tout renion kap fèt pou désidé pou péyi a, yo oblijé fèl an dominicani, pouki sa li pa ta ka fèt nan yon région an Ayiti, NON...

si yo fèl nan péyi dayiti ka gen moun mouri, paské sé nan sa yo pi fort.

sé kouniè a map konprann ké pèp Ayisyen an se yonn nan pèp ki pi sot sou tè a, sim jodia pou pèp sa a kité bann politisyen kokorat sa yo, fè yo pran lari chak jou ap fè makak o lié pou yo ta rété dousman pou swiv sa kap fèt pou soti peyi a nan gran difikilté sa a.

De tout fason sé pèp Ayisyen menm, sou kontrol bann vôlè politisyen kap kriyé pou lajan, kap fè yo kouri bann madigra tout la jounen, se yo menm menm kap koz konstriksyon péyi a, pa fèt korèkteman

Tan poum ta wè, poum ta kité Kaplim ak tout lôt bann ni ki di ou Lavalas, kap pran poz yo se gro politisyen opozan, si se nèg sa yo ki ta pou métém devan
pou kréyé pwoblèm pou anpéché péyi dayiti demaré mwen mèt te tou mouri jodi a.

sé tap yon plézi pou mwen pou viv yon ti bout nan nouvo Ayiti a, men ak bann moun sèvèl pouri sa yo ki wè ké nan poch yo, malgré pèp la ap péri, yap pran poz ke yo gen souverènté, yon fièté, yap défann, poutan se poch yo yap défann.

mwen konnen byen tout zizani, manifestasyon pran lari sa a, se paské lajan pou konstwi péyi a, pral jéré nan bon ti mamit pa gen gagott ankô.

An plis tout politisyen sa yo, si se 5 santim nan poch yo ki pou ta fè yon bagay pou péyi Dayiti an ben Ayiti tou péri.
nèg yo se la yo té yé anvan tranbléman de tè a, sa kap di yo se dépité yo se sénatè ki tap manjé sou fatra pouri nan potoprins, nou té janm tandé yo palé de salté nan péyi a mté kwè nèg yo sé lajan yo yap défann se tou, saint domingue 36èm nan peyi ki pi pwop pou rivé nan mwen pwop, Ayiti 155èm sou 163.

Quelle honte...

Pierre, June 3 2010, 10:06 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >