Force Armée D'Haiti.

< Previous | Home | Next >

Mr Prezidan:

Mwen ekri ou, pou mwen pale de lame d'Ayiti ki nesesé anpil pou peyi a pou konbat lavi ché ak insekirite.Mete lame a sou pye ap yon bon bagay, lé nou wé konbien nan jenn nou yo ki pa wé espwa pou yo travay e chak jou yo leve yo wé se mizé kab ogmante, crime tout pa tout..

Menm jan lé genyen inskrisyon pou la polis, gen yon pakét jenn fi ak gason ki kanpe nan linn pou yo pote apui nan securite peyi a, se konsa li ki fét tou pou lame a. Menm jan Gen yon paket bon polisye ki ap proteje ak sévi lavi moun, lame a ka fé'l tou.Fòk nou pa gade déyé nan ansyen lame ki te politize, ki t'ap matirize pép la. Epi nan epòk sa tout institisyon leta yo te koronpi.Men koman fé se sel lame a yo te kraze.

Si leta te mete yon refòm espesyal nan lame a, peyi a pa t'ap jan li ye kouye a.
Avék tout insekirite sa: Frontyé nou an lib, group gang fòme jan yon yo vle, debwazman fét pa si pa la ect...

Ou panse si te gen yon fòs lame Dayiti ki t'ap ede Polis Nasyonal la, insekirite t'ap fé lapli e le bo tan konsa m'ap di se pa vre. Tout moun ki kont refòm lame a pa renmen istwa peyi yo. Nou pa ka pale de istwa Dayiti si nou pa mete lame, menm si lé sa yo te rele'l lame indigene; endepandans nou, Vertiére, ansanm ak drapo a se gérye yo (lame) ki te ofri nou li. Pliske sa moun k'ap di Ayiti pa bezoin lame kouye'a, mande tét ou sa MINUSTAH ap fé nan peyi a.
Mwen sonje an 1994 mwen te konn ap manifeste e ap di( kraze lame a banm fòs polis la) mwen regret anpil paske mwen te toujou wé tét mwen antan ke jenn nan lame Dayiti nan kouye espwa ale. Mwen pap pale pou tét mwen selman ak yon ti group moun, men pou benefis tout pép ayisyan.

Lame ap itil Ayiti anpil si li refòme. Ayiti se yon peyi ki genyen moitye popilasyon ki se jenn. Investi nan jenn se investi nan progré menm jan ak selection U-17. Avék refòm lame a pou jenn yo, ayiti t'ap wé chomaj li a diminye.

Gen anpil nan jenn nou yo ki fini lekòl ki chita ki pap fé anyen.

Se t'ap yon bon opòtinite pou leta ayisyan refòme'l ak lòt projet yo pou li rebay jenn ayisyan espwa.

Pou mwen fini, si nou an mete bon lwa sou pye ki ap pémét lame a pa politize twòp nan sistém politik nou an. Epi mete instriksyon civik sou pye nan lekòl ak fòmasyon jenn pendan yo nan lame a, sa t'ap redwi tou malé sa yo ou we Ayiti ap sibi la. Panse ak sa e y'ap wé rezilta sa ap pote. Yon lame modern pou yon pép modern.

Patrick, June 2 2007, 12:55 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >