politisyens ipokrit,nap met pep devan,pou peyi a ka okipe ofisyelman

< Previous | Home | Next >

Nèg yo malin mésié...

Sé sa mwen paka konprann, pou yon péyi nan éta sa a,épi tout la jounen se

bann madigra kap fè la lwa kouniè a sé moun ki vin poté nou sékou yap kidnapé,

mta renmen konnen ki koté nap rivé,nan kondisyon sa a, eské Ayiti ap janm yon

péyi, tankou Saint Domingue, tankou lôt voisin a koté yo, mpa kwè sa, paské jan

bagay sa a ap déroulé la a, politisyen gro zago ap rélé pèp, pou desann nan

lar tout la jounen, vakabon menm ap pwofité,fè zafè yo, kinapé moun, vôlè,violé

maléré,pandan bann madigra ap voyé mouté,tou swit mkoumansé konprann ké nèg

sayo, kap chofé pèp la nan maniféstasyon san fin, Nèg yo bezwen pou Ayiti

Okipé Ofisyèlman, genyen ki dil klèman e se sa ki politik Ayisyen an, se yon

seri de moun ki pa gen lanvè ki pa gen landwat, pèp égaré a menm ap brasé

lari a ak gro kout tanbou pou fè plézi ak yon bann ipokrit, paské lè ou pa

konn li ekri, ou pap janm wè si tablo devan ou maké atansyon, gen yon trou,

pou éstopé ou.

kalé bann madigra nou na dim ki koté nou pralé...

si nou ta byen gadé,fok nou ta wè se nou menm ki pi mal, peyi ki té pèl dè

zantiy vin peyi ki pi sal nan amerik la (quelle Honte)

mkwè jodia fok nou ta changé mantalité,si non tandé na tandé

sak rélé

la vi modèn, nan bouch lôt pèp, paské nou tout malad...

Domaj pou Ayiti

Pierre, May 20 2010, 6:29 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >