Bann malpropte no an kalifye w vre!!!

< Previous | Home | Next >

A Bann malpropte, sa yon mou'n ye se sa li di lòt la. L'homme est le fruit de son milieu.

Menm si nap fè kritik sou sa ki pa bon, nou fè'l pou tout mou'n kab pran konsyans pou sa chanje.

Se nou tout ki kochon, se nou tout ki vòlè paske pa gen yon lidè politik ayisyen ki pa konn fè sa w fè a joure mou'n sou radyo etc.Lè yo kandidayo toujou wè mizè pèp la, kou yo fi'n rive yo fè pi ma'l. Epi tou si w te gen manman ak papa ki te ba w edikasyon, ou pa ta'p joure yon mou'n kochon, mou'n pa janm kochon...

mwen gen enpresyon ou se yon mou'n ki pat janm pase lekòl tout bon, se lè w gran ou aprann nan lekòl alfabetizasyon.

Paske yo pa janm montre mou'n di betiz lè w al lekòl. Ou pa gen savwa vivre, ou sanble w te leve nan rak bwa kote zannimo ap goumen ak lòt. Menm si Préval pa fè anyen pou peyi a, la'p bwè tafia.

Li lib bwè,sa a se vi prive li.Apre sa ou dwe respekte yon prezidan yon peyi, ou pa dwe di nenpòt bagay sou li. Nan peyi kote mou'n sivilize yo pa joure yon prezidan konsa.

Ou tann li fini manda'l si'l te fè yon bagay ki mal yo jije'l.Aprann respekte mou'n pou mou'n ka respekte w tou. Mwen gen enpresyon se Cite solèy ou soti, oubyen Raboto kote paria yo rete ap di betiz vòlè, asasinen mou'n. Si w se yon gran mou'n tou ou dwe itilize la sajès. Ou pa di yon mou'n tout betiz ki soti nan bouch ou paske w pa gen prèv de sa wap di sou li yo. Epi nou vle pou peyi a chanje kijan lap fè chanje si nou sovaj, nou pa konn pale ak mou'n. Mwen di nou deja se pa sèlman Préval pou'n bay tò, se pou nou kouri dèyè palmantè yo tou ki bloke peyi a, lè yo voye lwa lachanm pou yo vote'l yo pa vle, se pou'n kouri dèyè lidè politik yo tou kap fè siveye rapòte pou gwo patwon lòt bò dlo yo ki pa vle Ayiti chanje.

Nou kapab konprann sa chak fwa gen yon lidè ki vle leve vwa li pou sa chanje, yo voye mou'n asasinen'l. Map bannou egzanp, yo fè pèp ayisyen an konprann ke se Aristide ki touye Amiot Métayer, se pa vre, se Paul Odonnel ki sasinen'l apre sa li kte peyi a. genyen bagay fòk nou pa prese akize prezidan an, pafwa se lòt mou'n ki konnen ke lidè sa kapab klere je pèp la yo voye sasinen'l pou lòt yo ka fèmen bouch yo, epi pèp la menm toujou rete san lidè nan mizè.

Depi w pa konn li, ou pa kapab defann tèt ou, kot sa nou pa konprann la a.Monchè sispann di betiz tande, nan tan teknoloji ap devlope sa a se pa lè pou mou'n ap di betiz, louvri sèvo w nan bon sans nan fè bon bagay, pou yo pa kontinye di pèp ayisyen se bèt sovaj, se malpròp.

Tirelina, May 14 2010, 1:31 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >