Kalanmplanm Powèm pou Demokrasi toutbon

< Previous | Home | Next >

KALANM PLANM

Demokrasi tèt gridap
balèn nwè ak jòn
Pandye tou limen
Sòti nan bwat mistè Lisifè
Vle boule wè pa wè
Konsyans pèp je koukouy
Kap veye alawonnbadè
Pipirit chantan kou lanjelis
Mèch kewozèn blakawout
Kap klere mouri limen
Mennen nan chimen katchouboumbe
Demokrasi a se sa n lage
Libè libè nan bwat verite ak manti a
Demokrasi depousenk ap pran lèz kò l
Nan laye pèpè travèse Ri Ozval Diran
Men bèl demokrasi merilan
Kwoke ankwa zo pwason foufou
Nan lobidjèt lalwa lajistis lapè
Demokrasi medsin chwal
Lasini petefyèl soti
Nan fonmasi loni nasyonzini
Demokrasi se rezilta vèvè beton an,
Alfat fou dife lanfè...

Pèp ayisyen se jwèt pa w
Veye yo nan jwèt koutkou bèlann
Pwennfèpa morèd sila a
Pisans lavni w nan men w
Pa bliye demokrasi se sa w vle ya
Blakawout lanfè sila a dwe kaba
Chimen long pye poudre fatige
Pa kite fè nwa ba w panzou fo wout
Tilanp tèt gridap prete je koukouy
Kenbe pa lage fouye zo
Nan kalalou memwa w
Souflèt marasa kite mak
Sou machwè lespwa
Pa bliye nan jwèt gen jwèt timoun
Lakou ak kominote a
Pa kase boujon lespwa lagejete
Nan larivyè san rivay
Nan kouran pawòl fridòdòy
Kraze koze kremòl
Koze lanbi k gen twou
Lavi w anba baboukèt
Tibourik lespwa w desele yon pakèt fwa
Ou se tichwal pote pwovizyon lezòt
Lèt manmèl ou ap nouri tyovi lennmi
Demokrasi pa fèt pou pòv
Demokrasi Loni pa fèt pou pòv
Demokrasi siveye rapòte
Demokrasi chita sou katchapika
OEA pou bat kalinda
Demokrasi ap jwe jwèt malouk
Demokrasi pa demokrasi
Demokrasi pentagòn pa pa w
Se pwazon vyolan
Lepèp vanyan
Demokrasi depatmandeta
Se demokrasi koudeta
Se demokrasi milite kas fè
Se demokrasi diktati ratmòdesoufle
Se demokrasi lasini
Demokrasi peteboudatimoris
Demokrasi sèkèymadoulè
Demokrasi sa a pa sòti
Kay ti kwafè m te konnen an
Li pa sòti kay manzè Sentaniz
Li pa sòti kay konpè mèsidye
Ni kay bouki ak malis
Demokrasi Loni se pwodi chimik
Lepèp kap chèche demokrasi toutbonvre
Demokrasi jevèt sa a
Pa demokrasi gason ak fanm vanyan
Peyi Dayi Tonma yo
Demokrasi sa a se demokrasi faktori
Se demokrasi tibèkiloz ak kwatchòkò
Se demokrasi fènwè blakawoutjeneral
Se demokrasi mennanmachwè
Se demokrasi sèkèymadoulè
Demokrasi sa a...

Li se yon komokyèl
Dekilakyèl
Pèppoupetwèl
Makyavèl
Demokrasi Loni ak OEA sa a...

Se demokrasi vomismanchen
Se demokrasi kèplen
Se demokrasi baboukèt
Se demokrasi bannmachwè
Se demokrasi tiyonnanren
Se demokrasi tentennad
Se demokrasi maskarad
Aba demokrasi Loni
Aba demokrasi OEA
Aba demokrasi Lisifè
Aba demokrasi lanfè
Aba demokrasi tyèmond
Aba entelektyèl kap pipòp lepèp
Pep vanyan peyi Desalin nan
Ak siwèl demokrasi nan bèk yo
Ayibobo demokrasi n kreye
Ak batanklan fou dife lanfè beton an
Ayibobo lavi
Ayibobo pèp peyi Dayiti Tonma
Ayibobo lavi Ayisyen Dayiti Tonma
Ayibobo demokrasi
San entèlektyèl komokyèl
Ayibobo demokrasi ak tout pèp la
Ayibobo madansara
Ayibobo drivayè
Ayibobo sentaniz
Ayibobo chany
Ayibobo bayakou
Ayibobo machann dlo
Ayibobo domestik
Ayibobo tout moun
Ayibobo lavi pou tout moun
Aba demokrasi Loni
Aba demokrasi OEA
Ayibobo pèp ayisyen
Ayibobo lavi Aba lanmò
Aba lanmò titaktitak
Aba lanmò modeantrèt
Aba lanmò ratmòdesoufle
Aba lanmò filarenyen
Aba lanmò fridòdòy
Aba lanmò depousenk
Aba lanmò mourisoupye
Aba lanmò koubèlann
Aba lanmò kontmaltaye
Aba lanmò laboratwamalfektè
Ayibobo lavi kolètdeboutonnen
Viv lavi

Jean-Benito Mercier
Vil Kennzas, Misouri

Jean-benito Mercier, May 24 2007, 12:20 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >