Ayiti Pap Peri Se Pou Nou Refome Li

< Previous | Home | Next >

Pou nou fini ak koripsyon fok administrasyon leta a refome tout bon vre. Konsidere san ekseption yo tout se vole. Grasye yo, padonnen yo e revoke yo tout pou nou rekomanse ak zero kote nou dwe anplwaye lot moun ki kalifye pou fe job sila yo...

Se pou nou pemet envestise etranje envesti an Ayiti kote nap ouve vant ekonomi ba yo pou plis konpetisyon ak la fen monopol moun rich yo nan peyi a...

Se pou kreyol vini lang ofisyel peyi d'Ayiti epi se pou nou tounen non orijinal peyi ki rele Ayiti ki vle di manman la te e te ki wo nan rejyon sila a vre.
Se pou nou fe refom sou tout nivo pou nou ka dekolonize peyi anba ponyet demi fre nou yo...

Nap rekonsilye ak yo si yo aksepte refom, dekolonizasyon e pran konsyans ke yo se Ayisyen tout bon vre. Nap refome tout bon pou milat ka mache lib e libe nan peyi a san machin blinde e vit tou nwa. Fok moun po kle ak moun po nwa jwi menm fos libete san ke sote e fok riches yo redistribye san ke sote. Si nap fe sa kibon e si pa gen vole e konsantrasyon riches yon sel kote fok tout group jwi bon jan la pe ak respe.

Men si yon ti group kap manje ap toujou gen deblozaj ak vole...

Chanoine Anne-marie, March 27 2010, 7:43 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >