Solusyon pou moun ki nan la ri - a

< Previous | Home | Next >

Mon che exelans
Bonjou, se yon okasyon favorab pou - m pote patisipasyon pam nan gro konstriksyon peyi mwen.Mwen se Rev.Octa Fleuridor, orijine de plato sentral ki ap viv a letranje depwi 14 lane.Mwen we nan ki sitiyasyon ou ye ak yon pep ki soti pou fe ou fou se pa fot ou min tou yo gen rezon sa se yon gro tet chaje ki mande anpil reflexsyon mwen regret anpil pou ou paske gin plis moun kap pale pase sa kap panse.

sa ran n sitiyasyon vin pi konplike.

Kompran tre byen, le yon ti moun grangou li tombe kriye li pa bezwen konnen si manman l ak papa l ka jwen manje pou bal sel sa li konnen li grangou li beswen manje se sa kirive an ayti.Mon exelans mwen vle ofri ou patisipasyon pam avek ki se yon lide sou problem moun ki ap domi nan la ri a paske ou pap jan gen repo ak yo si ou pa jwen yon solusyon ak yo se yon gro defi.Mon Exselan mwen felisite ou pou kouraj, Mesi tou pou sekirite ou etabli nan peyi a
Mwen felisite ou anpil ak tout kem men n si ou pa fe tout sa ou te dwe fe.
Me Patisipasyon pam:Sel mwayen pou gen tet fret ak moun sa yo se jwen yon kote
pou ou mete yo. Sel mwayen pou ou jwen kote pou mete tout moun sa yo se femen lekol pou six mwa utilize local lekol nan tout peyi a pou ebeje moun sa yo.ensi ke legliz nan tout peyi a. Yon etid sou eta konstriksyon lekol impotan pou karanti lavi moun yo. Koman sa dwe fet pale ak tout propriete lekol yo, paye yon ti lajan e pi paye tout profese yo pou nou pa debouche ak lot problem ekonomi utilize profese yo pou jwe ak timoun yo ofri kek lot bagay ke pedagog yo pi konnen pase m. Nan chak etablisman lekol ou legliz yo gouverman an ap bay polis pou sekirize moun yo pou evite violans si tout fwa ta gin dezako moun ak moun.Yon evaluasyon ap pi fasil pou prezidan konnen ki kantite moun vre ki nan laru paske moun kay yo pa kraze vre pap jan n dako kite potoprins pou ale yon lot kote.2em)Gouvernman tap ka konnen kombyen moun ki nan chak sant yo, le sa a ou tap ka evalye pi byen ki kantite manje ak dlo ke ou bezwen, Pa blye lekol yo ak legliz deja tou prepare selsa ou tap bezwen achte se yon milon ti matla ki pa tap koute ou tro che.Le sa ou tap gen tan mon exelan pou ou panse koman ouap rekonstri peyi a ak tet fret.3em)Le fi n mete tout moun an sekirite ou te ka etudye ki kote ki gen anpil te pou ou konstri lot vil ou byen lot bouk. sonje mon exelan se yon privilej pou te ka konnen tou moun ki gen plus nesesite selon konpetans yo ou te ka jwen yon kantite achitek avek note, injenie pou koupe chak remplasman e separe yo bay fanmy yo avek nimero yo le sa a mon exselan ou te ka komanse konstri abri proviswa nan remplasman chak fanmi y sa yo Juskas se ke tout plan rekonstiksyon fin n prepare.

Sonje Mon exselan plan rekonstriksyon an ap dure yon bon ti tan pou li ka fet byen se pa yon bagay ki dwe fet nan tet cho. Konnieya tet tout moun cho mwen menn tou tet mwen cho paske mwen we trop moun nan ru.Mwen ta renmen ou pale pi souvan ak populasyon an pou ou ba yo espwa paske espwa fe viv
Pablie anpil moun pap dako ak lide sa paske yo gen foli pouvwa sa avegle yo sou mize pep la. Men mwen kwe se tap yon bel inisativ si mon exselan ou te pale ak kominote intenational la sou proje sa. Sa tap retire profese ki nan chomaj yo beneficie sale yo, plis moun tap travay kom sekirite, plis chofe tap jwen job etc.
Mesi Presidan preval paske ou li let sa

Rev.past Octa Fleuridor, March 9 2010, 1:07 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >