Men Nouvo Pdt Nou An Jean C. Duvalier

< Previous | Home | Next >

Jean-Claude Duvalier ap aksepte pou li dirije yon gouvenman pwovizwa pou senk lane avek Jean-Bertrand Aristide kom Premye Minis.

Yap konsanti fe job la san peye paske leta Ayisyen pa gen lajan nan kes poul peye anplwaye e sa ap sove Ayiti anpil lajan pou senk lane. Anba ponyet Nasyon Zini lap fome gouvenman ak Ayisyen kap soti nan dyaspora a san peye. Tout ansyen prezidan Ayisyen yo ap retounen pou yo ka jere nouvo konsey konstitisyonel repiblik peyi Ayiti a. Nou sonje Jean-Claude te di pou lane 2009 la se pou peyi Ayiti bay tout moun fre'l ak se li chans pou yo ka reyisi e li di e li rasire nou ke peyi a genyen pou li vini bon anko.

Gouvenman Aristide-Jean-Claude la ap yon gouvenman solidarite, rekonsilyasyon ak lanmou pou tout moun e sou siy linite ak pwogre tout moun ap vini tounen moun tout bon. Le tripotay, zen ak soup divizyon an fini tout bon vre e nou dwe konnen ke tout Ayisyen se fre ak se. Li le pou nou bliye sa ki divize nou e panse sa ki kapab ini nou an pi fo e ke nou tout se Ayisyen.

Lekzil fini pou tout moun e Ayiti pral devlope tout bon vre. Se pou nou ekri LONI avan Jiye 2010 pou nou ka enstore nouvo gouvenman rekonsilyasyon an tou swit pou sove leta Ayisyen.

Ya pral travay san sale depi nou dako ak pwopozisyon LONI pral fe nou an. Bon Chans Pou Ayiti...

Lambert P. Calixte, March 6 2010, 3:09 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

JEAN CLAUDE DWE TOUNEN PREZIDAN ANKO LI GENYEN BON JAN KALITE POU LI JERE KOULYE A. SA FET NAN PEYI AFRIKEN YO LE PA... read more >
Chevalier Sabine, 7-Mar-10 3:52 am

 

< Previous | Home | Next >