Ann repran Ayiti pou Ayisyen viv libe libe

< Previous | Home | Next >

Ekselans, Prezidan Preval, mwen swete ke prezidans ou va pemet Ayiti redefini tet li kom yon nasyon kote Ayisyen dwe viv fye paske nou montre monn la kisa libete ye. Kidonk peyi Dayiti dwe reprann libete l nan men peyi Etazini ak peyi Dominiki.

Pa sispann panse gran menmsi nou panko anmezi pou reyalize gwo rev, pemet peyi a nouri rev ki pami sa yo limanite genyen ki pi grandyoz.

Enspire ekip gouvenmantal ou a pou yo aprann nouri anbisyon nasyonal ki depase pwop dire lavi yo. Kontinye apwofondi konsep mezon Ayiti a, reflechi pou n we kouman Ayisyen Zafra yo kapab retounen vi n travay sou te peyi Dayiti pou byennet jenerasyon kap vini yo. Ayiti pa dwe peri! Ann kontinye refleksyon pou fe l soti anba sik vyolans, mizerere ke endiferans youn lot mete l ladan l yo, ann we kouman nou ka atake enstitisyon entenasyonal ki te touye kochon kreyol yo pou n replimen peyizan nou yo, sitwayen natif natal peyi Dayiti yo, paske zak yo a se te yon krim kont limanite.

Ayiti dwe soti anba okipasyon peyi Etazini mwen ensiste sou sa, kontinye reflechi sou altenativ ki kapab louvri plis barye pou nasyon, kontinye relasyon ak Kiba, ak Venezyela, ak tout peyi ki respekte sitwayen peyi Dayiti pou sa nou ye, neg nwe san yo pa itilize ras nou pou trete ak nou.Fok mezon Ayiti a kanpe! Ayiti dwe viv pou kadav sispann flote sou lanme vwazen nou yo. Ayibobo pou Ayiti!Viv Ayiti!

Jean-benito Mercier, April 25 2007, 10:30 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >