Ki sak manke?

< Previous | Home | Next >

I would like to ask whoever is able to translate or is responsible for the translation if possible to translate the following for the non-speaking or and reading the Haitian Creole.

Mwen pa kapab di de okenn prezidan ki pase sou pouvwa nan peyi d'Haiti li se youn gran prezidan sitou pa Preval.

Li te okipe job premie minis, prezidan epi prezidan anko. Eske tout lè sa yo li janm genyien youn program?

Mwen toujou di ak tout moun ki renmem tande'm le'm pale ke si'm te prezidan mwen patat janm pale de tout problem ke peyi a genyien.

Selman mwen tap pran youn sel kom program de gouvenemanm.

Se pou nou rete lwen tout moun nou we kap mennen kanpay kap di yap bannou la line ak soley pandan 5 lane yo pral pase sou pouvwa a. Se "bluff".

Mwen rete kwè ke tou to tan politisyien Ayisyien pa realize ke se youn apre lot pou resoud problem peyi a, pep Ayisien va genyien pou li pase mizè ak sitiasyion politik peyi a pandan lontan anko juskaske nou realize sam di la a e petèt li ka trota.

MWen ta renmen pou youn moun di mwenm ki problem ke peyi d'Ayiti pa genyen.

Eske nou gen mwayen pou nou rezoud tout problem sa a yo youn sel kou?

Repons la klê ke se NON. Nou gen dwa reini tout expê nan peyi a, si yo pa rive konprann ke pou change sitiasyion sa nap viv jodia, se pou yo sispann pale de jistis pou tous, logman pou tous, edikasyion pou tous, sante pou tous, etc...

Nou dwe kommanse ak youn ke se swa plante pie bwa, fè wout, bay limiè, aroze latè, plante manje men fok se youn pa youn pou nou rive retire peyi a nan sa li ye la a. Si sa ta rive fèt, nou pap bezwen 25 an pou peyi a kanpe sou depie militèl. Konsa pitit ak pitit-pitit nou pap gen pou yo sibi imiliasyon ke noumenm nou rankontre toupatou kote nou pase pandan tout tan ke nap viv sou tè sa a. Ki sak manke?

Pou mwen, se ti moso volonte kay dirijan nou yo sa anpil nou rele lidè peyi a. Li pa trota pou prizidan Preval ta fè youn kout gidon nan sans sa a.

Herve Francois, March 4 2007, 10:49 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >