Kiyes kap peye biye avyon pou nou retounen Ayiti

< Previous | Home | Next >

Apre ke nou fin pase 6 ane etid Kiba nou diplome kounye pou nou retounen lakay nou se yon gro tet chaje jiska prezan pa gen okenn moun ki nou anyen pou biye avyon pou nou antre lakay nou.Nan yon rankont ke nou te gen ak minis sante piblik nan casa de amistad entre los pueblos li te promet etidyan ayisyen ki ap Etidye Kiba non selman 50 dola ke leta dwe peye nou chak pou ede nou nan etid nou men tout biye avyon pou tout etidyan ki ap gradye ane sa a. Kesyon map poze tet eske yon minis nan yon gouvenman gen dwa delege prop tet pa li ak de twa gren minis anko vin pale ak yon group etidyan san ke Prezidan pa okouran ou byen si se Prezidan ki te delege li eske li pap remet Prezidan yon rapo de ranoknt li te gen ak nou. Paske ti moun kap etidye medsin yo gouvenman sa trete yon si w konn yon ti prens men pou kisa ke nou menm kap editye jeni enfomatik, jeno civil ak syans aplike gouvenman ap trete nou an paran pov.Men sevi ke etidyan medsin pral bay peyi nan domen ke yo etidye nou menm tout nou ka bay sevis pa nou tou nan sa ke nou etidye.

M panse ke peyi a nan yon sitiyasyon ke li beswen tout moun pou ede li fe yon pa.
Si yon moun nan gouvenman gen chans li mesaj sa ou byen nenpot moun ki gen chans li mesaj fe yon apel ak otorite peya a pou yo achte biye avyon pou nou pou nou antre lakay nou menm le ke yo pa vle peyi pou ane le lekol menm jan yo fe pou etidyan medsin yo paske nou fini ak etid nou fok onu retounen lakay nou.
Etidyan gradye an jeni enfomatik.

Mesi

Claudel Durandisse, July 24 2009, 9:40 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >