Eske Preval peche?

< Previous | Home | Next >

Li prezidan 2 fwa. Kom labib di si premye alyans la pa t gen defo yo pa t ap ranplase l pa yon dezyèm. Poukisa Prezidan Preval re-eli anko si l te yon move Prezidan?

ki enterè moun ki te vote l yo te wè nan li?...

Prezidan Preval pa renmen pale, e lè l pale, li pa pale anpil; li pa sanble li bay manti lè l pale; anpil fwa tou li pa konn sa pou l di, paske li pa vle bay manti oubyen li pa vle di tou sa yo vle li di; li pa vle pran nan pyèj ke Prezidan Aristid te konn pran tankou bèl pwomès san pwovizyon yo te konn fè l e pouswiv yo bay pèp la podiab ki toujou ap tann.

Daprè mwen Preval regrèt li te eli. M panse Prezidan Preval pa t dako ak chwa li kom Prezidan pou yon dezyèm fwa nan peyi sa a. M santi se te yon presyon e pa mande ki kote presyon sa te soti, men te gen ki t ap pouse l. M pa nan Preval yon nonm ki malonèt. Se yon Prezidan ki renmen peyi l ki ta vle peyi l avanse, men elas! pouvwa sa a gen twop pikan kwenna nepot jan w kenbe l w ap pike!

Lè w ap gade wout peyi sa a, e Prezidan Preval pase ladann toutan (Potoprens - Gonayiv) ak manm nan gouvènman li e sesi menm ak antranje.

Kouman yo santi yo e kisa yo di tèt yo?

eske younn gade lot nan je?...

pwoblèm elektisite..

Bravo m remake pwoblèm a ap amelyore; pwoblèm jistis sa a...

sa se vrèman yon wont, paske pa ken yon moun ki pa okouran pwoblèm sa a. Mesie eske nou pa gen je, bouch, ak zorey?

M temwen yon arestasyon zon biznis mwen; de jèn jan ki toujou rann sèvis nan biznis mwen, pandan lapolis ap fè arestasyon nan zon nan ti mesye sa yo te gen randevou pou vin travay pou mwen, lapolispoze lapat sou ti mesye yo. Lè yo vin rapote m sa, m pa t gen pwoblèm pansan ke y ap deja wè yo inosan e y ap lage yo.

Lè m soti yo te deja ale ak yo.Bon m di nan mwen menm y ap lage kanmenm.

Ebyen ti mesye fè yon mwa nan prizon, pandan yo pa jwenn pyès prèv vol nan yo ou lot zak malonèt ke yo ta komèt. Manman youn nan yo te gen yon ti sol kay li te fè li oblije vann li pou l te ka lage li. E sa kipi mal yo bat anpil nan prizon an...

imajene w ou fè respè, ou mache sou biga w pou pile si m te konnen, e arete w kom volè, fè w siyen yon dosye vole gate repitasyon w devan zanmi ak fanmi; kijan ou t ap santi w?

kijan ou t ap wè tèt ou?

Pa gen moun ou ka pote plent nan peyi sa a, pa gen moun ki pret pou bay jistis, paske lajistis nan peyi sa se vann yo vann sa. Kilè revanj ap fini nan peyi sa a?

Antouk, m poko wè kiyès ki ka leve defi sa a....

Rodner Ch Rubin, July 3 2009, 12:30 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >