Pwezi Kreyòl Ayisyen:Christonardeni/Adrien Chenet

< Previous | Home | Next >

SĂ'M EVITE DIPLOMASI DEMANBREW...

!
SĂ'M EVITE DIPLOMASI DEMANBREW...?

SĂ'M EVITE DIPLOMASI DEMANBREW

Pa: Christonardeni
Christonardeni
*
In Memoriam:Woz Meli Jeranson-Benazi Bouto-Jenvyèv (Kòkòt) Dalzon-Monik Kamilyen-
*
Dedikas Pou:Mama-Jyslèn-Kawòl-Lora-Delisya-Manesta-Sandra-Widlèn-Polèt-Pola-Aleksandra-Mari-Janèt-Milèn-Milann-Kalin-Evlin-Sabin-Wozlin-Dalin-Ivèt-Serèt-
*

DDiplomasi lemonn jwe l pyon move repwòch
Kalbas tèt kale anbaw pon koukouy klere.

Sosyete l deplimen konsyans manm klas bazòch
Poul kontre lapeti jistis pèp malere.

Gong Peyi sou latè k met "Chèf "renkontre Dòch
Sezisman pouvwa bay repiyans dlo glase.

Kòm Kantamwa nanchon rich zòt din mare "Nòch"
Evite'n kaboulay lavin pa p ranplase...

!

Bòzò konn pouki kòb fèl mache men nan pòch
Sitou nan jou grangou k deklare l vlonw lagè
Kaskad rivyè soup pen boul pa p tyoule l a gòch
Poul tann akalmi trèv razè k pran plas blagè.

Nanw flanm solèy mannan blan k sounwa vin plen pòch
San gad nan fon Ja pou kon koulè chif kòb nwè
Tèt koulèv ante k temwen lekonomi k flòch
Jou lanbisyon rayisab vèse san nèg nwè.

Move je pa p liyen kèw jouw fèl voye ròch.
Konsa pa janm annage moun nè bat sou pye.
Wap ganw beswen plizyè bwapen pou fèw gwo tòch
Siw vle klere je nan tèt kouyann sèpantye.

Lòd tanp pa fye fanm sekrè tanpliye Kadòch:
(Sòk rasin pouvwa rat nanw fondasyon kalkè
Kot Solèy pa p boule krapo k vann anikwòch
Plan k miltipliye twou pou sèpan defalk

Trayizan kalke Ten l souw fason ti fi mòch
Vannen Pistach Diri Mayi Pitimi Ble
Nanw laye k vannen manyòk aprew bon kabòch
Mare min sou zanmil kap tripote l kòd kle.

Asirans lanmou k mande kè nèg de son klòch
Si Dyaman l dwe kab evite malè rive.
Sikonstans dega tantasyon k mennen repwòch
Din pran menn ak jalouzi laye trèt drive.

(Santiman k anvyew afeksyon k mandew banbòch.)
Atirans lanmore zanmi k anbarase
Kab kòz jounen k mare de doub sou kèw a gòch
Souw plaj lanmè k woulew lanm pou kèw agase.

Bòn lanmou k plante fon kenbe'n konw Kòlòwòch
Pouw pèp ("...

Demen miyòn...

?" ) prew balistrad palè
Menm jou kriz lekonomi k jwenn move apwòch
Patnè k pa p kenbe kòd deregle k bann chalè.

Gong Peyi sou latè k met "Chèf "renkontre Dòch
Sezisman pouvwa bay repiyans dlo glase.

Kòm Kantamwa nanchon rich zòt din mare "Nòch"
Evite'n kaboulay lavin pa p ranplase

Christonardeni
Christonardeni
Christonardeni

Jen 2009
Wòkfefè sentè
Man Hat Tan, Nouyòk, Etazini Damerik

Enprimati:Adrien Chenet ®©
Imprimatur:Adrien Chenet ®©
Otè: Christonardeni/Adrien Chenet ®©
chenetadr at yahoo.com
Otantifikasyon:Adrien Chenet ®©
Authentification:Adrien Chenet ®©
Dwa Otèa Rezève pa:Adrien chenet ®© MMIX (2009)
Tout Dwa Rezève ®© MMIX (2009)
Copy Right ®© MMIX (2009

Ak tout bon konpliman koutwazi plis respè sensè Otèa pou tout pèp Ayisyen Ak Dominiken sou zile'n nan ...

*

Adrien Chenet, June 29 2009, 6:51 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >