Pawol pou sove Ayiti

< Previous | Home | Next >

Honorab Prezidan,

Pran peyi-a plis o serie.

tout moun fè sa yo vle, pa gen otorite pou di anyen.

gen yon seri de skandal kap pede fèt nan peyi-a, et yo pap itil anyen.

youn nan pi gro pwoblèm peyi-a se lajistis.

lè yon moun vini jig de pè, komisè gouveneman, si li pa arete moun li pa chef. se pa vre, lè yon sitwayen fè respè'l li pa fè dezod, li ta dwe tet frètou byen kè poze. mwen asiste sa pafwa sa lapolis ap fè de onèt sitwayen, se bagay ki revoltan.

la polis ak lijistis la pou mete lod. lè yon rete nan lod ak disiplin se deja yon kolaboratè.

pafwa si lapolis konen si yo arete yon moun mal, moun sa ka jwen kob ak fasilite pou'l bay yo. moun yo arete'l, yo mete sa li pa fè sou do'l. sa ki pi lèd la, lè li bay yon kob nan komisaria ou bien nan soukomisaria yon lage'l san li pat ale lajistis.

bagay sa yo ap anpeche yon peyi devlope.

Chak lè yo arete yon moun nan yon gro zak, si se moun ki rich, se yon okazyon pou kek moun ki gen pouvwa leta peyi nan men yo fè lajan.

pa examp, yon ki jig ou byen ki polisye, lap touche 7 mil dolla ayisyen pa mwa, nan 12 mwa sa fè 84 mil dola ayisyen.

nan 5 ane, si li pa jamè nan salè sa, li ta sere tout, lap totalize 420 mil dola aiysyen.

malgre otorite gen depens delux lap fè, li arive bati yon kay, li meble'l. li depanse anviwon 500 mil dola ameriken.

kote li jwen Kob sa?

Jistis la ap mouri, paske gen twop jig enkompetan.

lekol majistrati ki sou wout frè P.V. fè anpil tô ak peyi a. jan lekol rekrite elèv, jan li fome yo, sa pa itil peyi a anyen.

lè wap li ansyen desizyon jistis yo, ou wè jistis la se te yon gro bagay.

kounye-a se pike kole. Gen yon seri de ansien grefye ki pa pran anpil nan jig ki la yo pou anyen.

paske ansyen grefie sa yo te konn ekri pou ansyen jig kap bay desizyon ki korect.

jig ki bon nan sa ki soti nan lekol la, se moun ki tap toujou fè yon bon jig menm si li pat pase lekol la. sa ki pa konen anyen yo, yo komplexe, paske yo fè majistrati.

se yo ki gen moun ki pre prezidan pou nome yo avek fasilitè.

yon peyi bezwen moun ki de bonn fwa, moun ki de bonn fwa fok li kompetan tou.
Elev majistra yo, yo ta dwe rekrite yo pami avoca ki gen 5 lane depi yap milite.

Prezidan kelke sa yon moun fè pou yon peyi, si li pa travay serye nan la listis se kom si li pa fè anyen.

se lajistis ki pou pwotege sa ou deja fè yo. se lajistis ki pou enkouraje lot moun ki pou vin envesti nan respecte dwa yo, entèrè yo.
pawol sa yo, se pa pawol yon explotè, se pawol yon ki ta vle peyi a chanje tankou jan w vle la.
Moy

Moise, June 4 2009, 4:51 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >