se yon bèl ide

< Previous | Home | Next >

Konpatriot,
Reèlman ide sa ou bay la se yon gwo ide. Men kounye a se konen kòman mete li an pratik.

Nou gen yon fason nou ta kapab fè sa. Kòm gen milyon ayisyen kap viv an deyò peyi a, si yon gwo pòsyon moun sa yo ta bay yon lajan ameriken chak mwa, mwen panse ke li ta sifi pou mete sekirite nan peyi a. Koman nou ta bay lajan sa:
1) Fòme yon kominote nan chak rejyon 4 kwen nan lemond.

2) Chak mwa ayisyen sa yo ta bay antre $20 a $50 ameriken.

3) Nan chak fen mwa kòb sa ta ale bay gouvènman.

Konsa nou ta kapab rive mete sekirite nan peyi a san mande èd a lòt peyi. Prezidan an ta rive etabli fòs ame a tou anndan peyi a.

Herby C., February 15 2007, 5:22 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >