wout pou ayiti 2

< Previous | Home | Next >

Pou kontinye ak sije sa a m te jwenn 2 moun ki te banm repons sou kesyon sa a. Men m plis ekri l anko pou moun ki te premye reponn mwen konsenan mank de konfyans lan.

Mwen te pale sou kesyon bati wout toll nan direksyon ki ka pemet nou kotize pou travay rezoud pwoblem wout ak fe wout kapab reyalize tre fasilman.

Se sel mwayen dapre ide pam pou nou fe olye nou konte selman sou kominote entenasyonal.

Nan tan sa a se nou ki pou leve pye nou pou met tet ansanm se sak fe m vin ak sije sa a.Se detay sa a mwen te pote nan premye sije m te ekri 3 jou de cela. E m swete ke si prezidan Preval li sije sa a, li dako avem e ke li ta affirme travay sa a ki ta fe ke tout moun kontan, olye y'ap plenyen nan pedi tan yo. Paske se nou menm ki fos peyi a "L'union fait la force".

Apre construction wout toll yo, piske m konnen gen mank de konfyans, men ki sa n'ap fe pou ranje sa.Sa se opinyon pa m si nou pa dako ak sam sot di a, non selman nou konnen n'ap kritike m men fo n dim egzakteman sak pou ta fet si nou te nan plas mwen.Nan 1 toll gen 2 moun kap responsab pou kolekte lajan, youn pou antre e lot la pou soti; plis anko yo chak ap gen 3 blok recu ki tout a fait diferan: 1- motosiklet, 2- van, minivan, jeep ak vwati, 3- pwa lou yo inclu gwo bis yo (tankou bus aux cayes, Gonaives...); chak recu sa yo ap gen pri diferan pou responsab sa yo kapab resevwa lajan yo pou kotize pou wout yo tankou pa egzanp yo peye wout toll ki Okap la pou wout depatman du Nord. E pou wou nasyonal yo fo yo ta mete youn nan chak mitan wout yo e pou lot 9 chef lieu depat yo nap mete nan antre vil yo soti nan wout nasyonal tankou Potoprens ap gen 3 Gonaives ap gen 2 Hinche ap gen 2 E lot yo ap gen au moins 1 Toll. Sou kesyon recu yo,3 block ki nan yon toll ap menm jan ak saki nan lot yo, recu sa yo ap gen enfomasyon sou: koule vehicule yo, # plaque, make ak model vehicule yo, date ak signature kolekte yo; plis anko nan tout resi sa yo, si nou ta pran 1 block recu motosiklet yo, yon paj nan block recu moto yo ap gen 2 enfomasyon identique, youn pou kolekte ak youn pou chofe moto epitou fok chak paj nan 1 block ta numerote tankou paj 1,2,...

tou enprime e sitou pou yo byen odone pou ke si ta gen yon ka ki rive le gen 1 paj ki manke nan odone paj block recu a, n'a gentan we ke gen bagay kolekte yo fe ki pa dwat nan jere travay la e pou nou ka regle sa ave yo pou korije yo.Fo nou mete sekirite nan chak toll nan peyi a pou sekirize non selman toll la men pou moun ki la k'ap kolekte lajan yo. Si yon moun pase nan 1 toll pou jounen an e nan menm jounen sa a si li retounen nan menm toll la e ke li prezante recu li, li pa bezwen peye sinon li oblije fe demitou pou l retounen kote l te soti. Le yon moun vin peye toll la e ke li resevwa recu a, le nou scelle recu a fo li gen yon sceau pou zon kote yo resevwa lajan yo ak sceau dat la. le sa a na we nou pa gen pwoblem menm si yo ta fe sa yo vle nou pa gen pwoblem pou kenbe yo nan magouy.

Pou kontinye sou repons ke premye moun nan te ban mwen an, gen yon lot bagay ke yo ta sipoze fe li, si yo fe li m sure et certain ke tout bagay anfom.

Si wout toll la fet, fok se labank ki pou pase pran lajan yo ak recu yo pou kontwole yo e ke yap tou depoze yo nan yon kont ki fet pou wout et que pi gwo responsab nan finans leta kapab pran yo si ta gen yon pwoje ki en cours et ki pre pou l fet san pedi tan.M swete tout sa m sot di yo kle e konpreyansib e ke responsab gouvenman si yo dako ak lide sa a pou nou komanse fe yo tre bientot pou stabilize yon pa nan peyi a e sim genyen yon lot ide pou peyi a map mete deyo pou fasilite travay yo san ke sote.

Mesi

Ehlert Exceus, April 23 2009, 12:48 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >