Honorable Mr President!

< Previous | Home | Next >

Mwen se ayisyen natif natal.

Mwen kite peye poum vin cheche lavi lakay tonton Sam. mwen antre isit an 2007. Mwen se youn nan asisyen ki renmen anpil Haiti.

Wyclef fe hone peyi nou e li montre li tout kote li pase. Se yon bel exanp, e mwen vle honore jes sa, poum fe devwa kom ayisyen nan tout sa kapab.

Mwen chwazi poun ede peyi m poum ede vanse.

Mwen konnen li pap fasil e li pat janm fasil pou jen ayisyen antre nan politik.

Men, map mande ou pou kreye e pou fe sa ou kapab, pou bay pitit te a yon chans.

Nou menm asisyen lot bo dlo, nou se ayisyen tankou tout ayisyen, nou gen dwa e devwa pou nou ede peyi. sak fe nou ale lot bo, se paske peyi pa ban nou yon oportinite.Nou pedi respe ak diyite le nou kite lakay.

Bagay yo di e ou konnen sa byen. sa map mande ou se pou kreye yon mwayen pou mete peye sou ray sekirite, jistis, ak devlopman, pou ka we koman nap ayisyen renmen Haiti.

Si nou gen sekirite, peye ap ka gen touris e ap gen envestisman pou moun ka travay.

Mwen swete ou tande kri nou jis kote ou ye e ou fe repon.

Mesi Che Prezidan

Joseph Jean R., March 31 2009, 8:50 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >