Ayisyen pap tounen nan esklavaj ankò

< Previous | Home | Next >

Ayiti bezwen bon zam minisyon ki pou respond avek St domingue, ayiti bezwen pou nou ki pou bay li bon jaret ak kouraj, ayiti bezwen bon diplomat avek lot peyi ki vle allien avek nou la kel venezuela, russia, cuba, perou, iran e dot lot peyi. Paske nou fatige tande koman st doming yo ak fe pep nou pase mize. Nou bouke tande koman ameriken yo ap bay st doming authorite sou nou, nou bouke tande koman ameriken yo ap mal trete nou kom animal, nou bouke tande koman ameriken yo ap lage maladi nan peyi nou and nou bouke tande koman yo ap bay fe nou ak se nou degoudin pou yo tie lot innocents.

Mesye pwazon ki an dedann peyi nou nan cheche yon jan pou nou retire li. Bouke mete vye bagay nan peyi nou. Ki le nou ap di amen peyi nou e kile nap di asse set asse pou peyi nou. Nou, bouke, nou bouke, nou bouke.

Pafwa mwen mande eske peyi nou gen prezidan la dan li. E pafwa mwen mande kisa prezidan fe le li leve pou li ap tande pep li nan gran gou. E nan mize konsa.

Preval ki desisyon ou toujou pran le ke ou tande yon ap kriye, e soufri grangou konsa.

Men mesye nou tout mem e nou se fre ak se. Nou te sipoze bay yon pouch.

E chache yon jan pou develope peyi nou paske se sa tout diaspora pa bo isit la ap rete tan. Yo vle ale antre nan peyi yo pou yo mete yon seri de activite nan peyi dayiti.

Ayiti sipoze fe diplomasi avek lot peyi ouve pot la pou lot peyi yo tou se pa selman la france, etazini, kanada ke pou nou ap ouve pot bay yo me gen lot dot peyi ki vle ouve de bwa yo bay nou. Me mesye retire nou nan fe nwa. Donk di mwen depi konbyen tan nou ap sevi wit zot sa yo me yo pa jam fe anyen pou peyi nou. Chache yon jan pou nou fe ed diplomasi avek lot peyi tou. Kom nou ap di nou granmoun lakay.

Me montre yo ke nou se granmoun nou. Se nou ap fe nou fe li net. Montre yo ke nou se granmoun e ni se pa nan bouch pou nou ap montre yo sa, e se pa kanpe deye pot pou nou ap di ke nou granmoun, le ke nou di yon bagay nou di li net pa gen bagay pou nou fe excuse.

li le li tan pou nou pran sentiman dessalin e li le li pran pou nou di peyi nou pat antere nan tou, li le li pou nou di pep nou pap mouri grangou, li le li tan pou nan pa nan souri avek blan. Li le li tan pou nou pa pran vye konsey nan min blan, li le li tan pou nou pran vye remed ki ap pwazon memwa nou e remed ki ap fe nou rayi fre nou ak se nou nan min blan. Bouke mande, bouke niche mouda blan mesye.

Me mesye kote sousi nou ye eske nou gen nin nan figi nou.

Tetezozo, March 26 2009, 1:47 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >