Pwezi Kreyòl Pa Christonardeni/Adrien Chenet

< Previous | Home | Next >

BONISYEN EVITE'N DEZAS DIPLOMATIK
BONISYEN EVITE'N DEZAS DIPLOMATIK
BONISYEN EVITE'N DEZAS DIPLOMATIK
&#10030;
Pa: Christonardeni
Christonardeni
&#10030; &#10014; &#10030;
IN Memoriam: Jean Paul II-Natacha Dessources-Adrien Antoine-Laurore St Juste-
Adrien Joseph Frédéric (La Fleur)-Lindor Brignole-Roc Derose-
Gerard Jolibois-Aubelin Jolicoeur-Alix Joseph-Ti Jean Pierre Louis-
Jackson Pierre Paul-Adrien Wébert (Obadya)-Joceline Vaval-René Lelie-
Augusto Eleno Da Mata-Jean Céramé Guerrier-Content Orpha Dolcé-
Jean L.Dominique-Jean Claude Louissaint-Serge Beaulieu (Bouboul)-
Jolicoeur Ulrick-Bastien Sony-Abdias Jean-Ortega Ricardo-Gruyon Carlos-
&#10030;
Dedikas Pou:Dmitry Anatolyevich Medvedev-
Bann Ki Moon-
George W.Bush-Barack Hussein Obama-
René Gracia Préval-
Leonel fernandez Reyina
&#10030;
DDiw sonw temwen vivan tout tray pèp Ayisyen
Nan deboulonnay diktati fòs kidnapè
Kadriyaj eskwad degize wont tan lapè
Pa'p satisfè klèk kap fouyew Politisyen.

&#10030;
Konesè k divilge chif ( "Matematisyen "...

)
Pa'p bann fo rezilta sil kwè tout moun pafè.

Klèje k baw rezon la fwal kont move zafè.

Klèk Kòd Lonèl dirije'l ( " Akademisyen "

38;#10030;
Pitit sove fanmin dram prizon milisyen
Koridò maske'n devanti kat fouk lagè
Depòtasyon k flanbe lekonomi blagè
Pouw patwon vann travayèl bòt mekanisyen.

&#10030;
Gwo kòb nwè pot nonl pou gaj kouraj Ayisyen
Nan respè pèp vanyan zile'n jwenn pyas palè
San zansèt bay fòs pou donte eskandalè
Jou le mond boule kazak kolon patrisyen.

&#10030;
Katalòg fyasko Loni nagew Ayisyen...

!
Malfini pa fye bank lemonn zel jou malè.

Pèp pa plante nan tan mawonnay fòs chalè.

Reziyasyon sonw malatyong trèt Bonisyen.

&#10030;
Selera pa'p tann vòt elektè frèw lisyen
Deregleman esplwatè kòz dezas wout tè.

Ann prevni dèy...

Zak trèt pase rasis koub tè.

( Katalòg demokrasi lonyenw Ayisyen

38;#10030;
Koralisyon fòs pou sove politisyen
Men resilta fyasko foub twoup vann amatè
Kot baz devlopman pèp mande'n animatè
Pou lenfrastrikti ta priyorite'n Lisyen.

&#10030;
Konbatan près kwè lokipasyonn Bonisyen.

( Fèn Mal jodi wap wèl demen...

Sonw Gaj La Pè

Evite pi bon pase mande padon Pè...

Maspinay pèp pa'p tranplen devlopmann masyen.

&#10030;
Ayiti cheri lofrin de tete Grasyen.

Gòch dous...

Pou lennmi...

! Dwat brak...

Pou pitit...

! Anmè...?

Domaj ploutokrat konvwatel resif lanmè.

Enigm manmann kare'n kont twòn karapasyen.

&#10030;
Nap soufri twò lontan pouw reméd famasyen
Nanw peyi panase'n resisite'n mò tè
San deregleman kè...

Vwa deranjman motè:
( Mirak gadòw konfonn prejijew dalmasyen

38;#10030;
Menw Nasyon k fyew listwal louviw tonm kanasyen.

Depi Sasèdòs klerikal chwe sou bòdmè
Respèn ak dwa moun nou zòt bafre nan wòb mè.

Jwè trèt souw tab...

Ras jida kont viw mizisyen.

&#10030;
Blakawout paw kastèt pou bon elektrisyen.

Blòf relyasyon entènasyonal bann kristè
Pelig pat bay Beri pou konbèlann priz tè:
( Dòz plòt kalamite denonsew klinisyen

38;#10030;
Dwòl fason pou kalvèn nouriw majisyen...?

Nanw peyi san zansèt wouze'n lit kont mizè
Ki wòl letranje nan konbit nèg kont tizè...?

Asyèt le monn koule'n soup enfòmatisyen...!
&#10030;
Reprezantan Desalin: Chèf pèp Ayisyen
Kòm tèt pouvwa ganw obligasyon viv ouvè
Menm si " LIBÈTE " peyil pa bal dwa kouvè:
( Resous Ayiti pa pou tyoul kaminisyen.

)
&#10030;
Minustah table kontral sou sanw Ayisyen.

Refleksyon pòv pa'p soulve kouvèti bwat bè.

Pase pèp gouvènen lavnil kot klèk bèbè.

Degenn pouvwaw Kouyonnen adèp batrasyen.

&#10030;
Dans depeyizmann bay trèt jwe wòl kadasyen...?

Kòz desepsyon travayèn pou papye sevè.

Defayans lekonomi sonw blag boul revè...

Konkou kat rezidans bolèt pyeje'n Basyen

38;#10030;
Rèl kay makorèl desounen chèf klan masyen
Nan Nouyòk Pari Lond Tokyo baz trap klinè
Jou chomè wachintonn jwenn wòl disiplinè
Lò-Dyaman Hollywood fèl ekonomisyen.

&#10030;
Asistans pou pòv peyi rich krenn lojisyen...?

Rekòt dola kidnapin pouw obsèvatè
Menw lòt fason magouy fòs zòt renovatè
Nan zak ofansif diplomati Bonisyen.

&#10030;
Karayib peyin dontew Metafizisyen:
Pwenn fè pa mò rèd...

Mwenn akasan siwo flè.

" Estabilize " nan jagon militè klè:
"( Degajew Devanw Dèyèw Bann wout taktisyen.

)"
&#10030;
Arawout pa bwat lèt sinistre SWAT Tisyen.

Kokayin fèzè pa poud Lanmidonw saklè.

Loraj Biznis blan kab gadinaj foud zèklè.

Ti vi pi bon pase gran vi kay patrisyen.

&#10030;
Nan twouyin LONI foudwaye près Ayisyen
Patizan lapè pa'p manje san pa malè.

Palmantè pèp pa'p viv sil paw eskandalè.

( Konfisyonw...

Dram Sekiritem...Wozikrisyen

38;#10030;
Delatè Figiw...

! Demaskew...

Teworisyen...

!
Grad kòz foub blan pouse'n jenosid souw pant gè...?

Nanw peyi pòv chèf gang kafouyay arangè:
( Pa vann frèw...

! Zansèt palew...

Sonjel...

! Ayisyen

38;#10030;
Avniw samba zile'n garantil mizisyen.

Maspinay pa'p chèk bastonad òdonatè.

( Evite'n fyasko letranje refòmatè

Pouch Bank diw Koulè drapo zèv sovèw...

Lisyen...

!
&#10030;
Chèf laboratwa anti pèp pa'p temisyen
Sil sonw atawè trik jan sòt rann refraktè.

Sispann filalang djòb pou nimewo sosyal.

Sispann depòtasyon kal bann fòs espesyal.

Nanw peyi pitit bouki blan kondi traktè
( Parad ganizonl dekorel kaminisyen

38;#10030;

Christonardeni
Christonardeni
Christonardeni

9 Mas 2009
Wòkfelè sentè
Manhattan, Nouyòk, USA

Enprimati: Adrien Chenet ®©
Imprimatur: Adrien Chenet ®©
Otè:Christonardeni/Adrien Chenet®©
chenetadr at yahoo.com
Otantifikasyon:Adrien Chenet®©
Authentification: Adrien Chenet ®©
Dwa Otèa Rezève Pa: Adrien Chenet®©MMIX(2009)
Tout Dwa Rezève ®©MMIX (2009)
Copy Right®©MMIX ( 2009)

Ak tout bon konpliman koutwazi senpati ak respè sensè otrèa pou

38;#10030;

Adrien Chenet Inferno Magazine, March 16 2009, 8:13 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >