Ki batiste eleksyon 19/04/2009 pralgenyen?

< Previous | Home | Next >

Prezidan Preval,
Louvri je ou gran, lave figi ou si ou nan domi paske sa pral genyen konsekans ou pa atan, si ou kite eleksyon 19 fevrye 2009 yo fet jan nou wel la. Pouki mwen pale konsa.

Mwen pa fe " JURISPRUDENCE " ni mwen payon yon avoka; men mwen kwe ke se dwa m pou m reflechi e di ki sam panse sou sakapfet nan peyi m nan.

Koute byen Prezidan Preval.

Si m pa twonpe m, mwen kwe se selman pou DIZAN, Manman lwa peyiya te bay gwo kriminel ak moun nan rejim Divalye yo pou yo te rete nan kanpe lwen pa pwoche " POSTES ELECTIVES ".

Apre sa pa gen danje e. Mwen kwe tou kelkeswa lwa a, depi lipa, soti andidan vant manman lwa a, li pa dwe kenbe, yo dwe voye l jete depi li pa annamoni ak Manman Lwa a.

Si jounen jodiya ti K E P tet bochet sa pousse do FANMI LAVALAS deyo eleksyon, sa vle di ke se yon zak malonnet ki pa annako ak MANMAN LWA peyi. Kidonk, tout sa ki fet deyedo MANMAN LWA li, jan mesye save yo di nan lang blan franse yo li INCONSTITUTIONNEL (ELLE).

Resilta 4sou tab: " TOUT SENNATE 19 AVRIL 2009 " pral otomatikeman sennate deyedo la KONSTITISYON, Konsa, paske yo pa lejitim, si lot bon sennate yo pa vle aksepte yo egal Kriz sou Kriz .Lobey jeneral.

Yon lot bo, eleksyon 19 avril 2009, yon lot eleksyon an Novanm osnon Desanm 2009. Gonnayiv koumanse pran yon sant ki pat janm bon li ( Inondation ) Tout sa se apse sou klou. Ed entenasyonnal komanse ap koupe; ti Renne: " Two presse pa fe je ti chen louvri tande ".

Bourik fin travay, kouliye a se chwal kap garyonne, pavre...

Menm le oupakapab pran yon twaziem manda, mwen kwe ou pa janm dwe mode men ki metmanje ou kap mete manje nan bouch ou, paske Timoleon Brutus nan: La Rancon du Genie di yon bagay ki rete grave nantet mwen e map repete l pou ou: " SI, LA RECONNAISSANCE EST LE DEFAUT DES PETITES AMES, L'INGRATITUDE SOUS QUELQUE FORME QUE CE SOIT, TEMOIGNE D'UNE DEFORMATION PSYCHIQUE HORRIBLE ET REPOUSSANTE "

Si jounen jodiya, Fanmi Lavalas goumen kont tout fos fenwe yo, pou ba ou yon pouvwa epi se lenmi li yo ou pran pouvwa sa a pote fe kado, se yo kap banboche rache koupe nan pouvwa sila,( Referans, reinyon ou te fe ak LAVAS e LESPWA nan loditoriom " YORK COLLEGE ", nan NouYok apre eleksyon ou an 2006. Dapre sa ou menm menm te di malgre tout sa ou te fe bonzanmi ouyo JODIYA, lenmi ou nan kanpay elektoral la te di se lajan drog kap fe kanpay ou, se kandida lavas ou ye san Titid marasa parey ou. Ti Renne sonje sa map di ou poum fini " SI PIMAN PAGOU NAN JE PWASON, PA FEM KWE KE LAP GOU NANJE CHEN ".

Bay kou bliye pote mak sonje.

Li le, litan pou ou resezi ou. Le FNCD, pita OPL te soti depi ou te Prenmye Minis sou Titid #1, jouk ou vin pran premye manda pa ou, tap simen pikan kwenna, mosso boutey po fig sou wout ou, se marasa parey ouwa kite toujou la ak ou, seli ki te brave danje, brave male, le li tedi, li pap kite ou ale poukont ou nan ENTEPALASYON sa a.

Mwen pabezwen ankenn soubrekete repon mwen. Se ak ti Renne mwen pale, se li ki pou pale ak fre li tou.

Mesi bokou.

2/03/2009

Pierre Guerrier, March 2 2009, 6:53 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >