Youn paradi

< Previous | Home | Next >

Ayiti genyin twop bel plaj, moniman historik, Kimpot peyi ki ta genyin Citadel Laferriere.

Li ta rantre minm youn 1 milliard dolla pa an. Nou gen ampil lot moniman historik nan tout peyi a. Nou gen bel plaj nan tout peyi a. Zanset nou yo kite nou ak youn peyi ki chaje ak riches.

Min, podjab, nou pa gin vizion.

Plante, Plante, Plante pie bwa kap donnen fruits.

Tout timoun dwe plante o mwen 7 pie bwa pou yo pase youn classe.

Fe yo paticipe.

Tout ayisyen ka vinni manje alez. Pa dwe rete youn mon ki blanchi.

Tout dwe vinni vet. Kraze bidonvil yo. Fe lot bel villaj.

Konstui rout nan tout peyi ak poll pou ranmase tax. Nou kapab mezanmi.

O mwen 7 aeroport internasyonal.

Recikle tout fatra.

Chak anne, gouvenman an bay vil ki pi prop nan peyi a youn prim enom. Decentralization.

Vil provins yo ka vini zon touristik ak tout sa moun bezwen, tankou peyi etranje, depwui yo byen jere yo. Pran La Navasse pou nou sa ye. Obama ka ba nou li. Li nan konstitisyon nou. Li ka tounen youn bank touristik pou peyi a. Ayiti nou an, se youn gro peyi depi lontan kap gaspiye.

Ampil bato kwazye, ampil touris.

Mwen pap reve. Sa pral rive, si nou pran konsey mwen yo. Malgre tout sa ayiti ap pase, ginyin ampil zon nan peyi a ki samble paradi.

Nou ka elarji paradi yo. Nou ka fe ampil lot, minm 20 labadee ekolojik.

Nou ka chanje sa. Peyi a ka chanje

Ayitichanje, November 26 2008, 8:45 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >