An nou demare

< Previous | Home | Next >

Nou gen ampil fatra an Ayiti.

Fatra sa yo te ka util ampil.

Si nou gen youn kompaniy kamyon nan chak depatman Peyi a. Nou kopye sou Waste Management icit. ki avance,.ranmase fatra e recikle li. Nou ka fe tout recyclaj et vann produit yo. Nou ka menm fe fimye pou jadin yo plis randab.

Ayiti ka demare.

An nou demare

Nou bezwen genere plis lajan avek zone touristik yo tankou Labadee, Citadel, Jacmel, etc. Nou gen ampil bel plaj. Tankou Labadee, mwen pa konnin, men samble moun ki gen contra batiman croisiere a beneficie plis ke ayisyen yo. Labadee ta dwe pou tout aysyen.

Byen organize.

Nou dwe ginyen plisye hotel, mache, restaurant, plis competition.

Le se youn sel batiman.

Manke revenue.

Ayisyen ta dwe investi nan Labadee.

Mwen tande se $6 dollar pou chak passage yo peye leta. Se youn jouet.

Pandan yo chaje moun yo $900.
Nou ta dwe gin kontrol, kote nou kontrole mache nou, hotel nou, restauran nou. Nou ka avance

Nou dwe mete sa nan pwogram lekol nou yo.
Agronom yo vin pale nan lekol yo koncenan zon pou plante, ki pye bwa. Tout lekol tap jouin resource yo. Pye bwa, etc.
Chak elev dwe plante e rouze o mouin 2 pye bwa chak twa mwa pou pase clas li. Konsa, tout jen tap vinni paticipe e konnin impotans environman an. Professionel ap plante, timoun ap plante, tout moun konen ki bo.
Tout moun koncene, tout moun ap travay, tout moun ap plante pye bwa. Mwen garanti w nou ta avance pli vit.

Nou dwe bati, repare tout mache publik yo. Mwen sonje le m te an Ayiti.

Mwen te konn ale nan mache croix bosal.

ampil labou, mouch, nou konnen.

Eske nou pa ka fe mache sa yo international e professionel.

Ginyen tuyo, bathroom.

Si moun nan etc. NOu ka avance.

Menm etranje ka vini achete pwodui nou yo. Men si yo we labou, mouche.

Nou te ka agrandi mache yo. Fe yo bel. Pou ka gen plis machann, plis moun kap achete.

An nou avance.

Nou bezwen plis aeroport international an Ayiti.

Si nou te ka gen o mouin Twa ou Kat gran Aeroport ki pi pi gro e menm pi bel ke Aeroport Toussaint Louverture la. Le nou progresse, nou ameliore.

Le gen rout, gen hotel, bel mache piblik, ap gen plis touristes.

Nou dwe ginyen prop avion pa nou. Ampil fwa, mwen remake etranje ap fe ampil lajan sou tet nou ak peyi nou an. An nou demare.

Meci.

Si nou realize projet sa yo. Peyi nou an tap fe youn gwo pa an avan.

Luther, April 20 2006, 1:19 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >