destruction of haitious

< Previous | Home | Next >

From: USA

Preval sak ap pase nan peyi dayiti konsa, monche gen le le gen evenman sa bon pou ou. paske chak tan kipase ayiti ou vin mande komite intenatyonal la pou ede-w ansam ak pep la, men le yo ba ou ou pran tout pou ko ou ak fanmiy ou.le you evenman pase ayiti se you rekot liye pou rene preval.chak le mouin rantre port-au-prince nan kapital vil preval ap dirige-a mouin sezi, min mouin toujou blie si se kay kochon mouin ye. preval se chef kochon .li se ayityen, mem si li gen lajan lap toujou rete ayityen negro.pase pou rive nan you vil nan amerik pou di ou se ayityen pito ou di ou se you senegale pasemoun-n pavle kite lot natyon konnen sise ayityen yoye akoz dirijan ayiti yo. ekzanp;duvalier, aristude,rene preval tout lot sam pacite yo tout se vole malprop epi san konsians yo pa kon hont. Monche rene mouin konnin ou kontan anpil pou sa ki pase nan port-au-prince avek timoun lekol yo, se you rekot liye pou ou avek fanmiw.kile nap pran konsians prezidan yo.Tout prezidan nan lot peyi fe listoua e nou menm nou chita nap vole fe krim, kote constitution payia kote loua civik peyia kote lavi pep ayityen.

le you nonm pa konn hont riches li pa itil li anyen, dirijan ayityen yo alez menm si ayiti pa gen;lumiere, pagen telefon, pa gen rout, pa gen faktori, pa gen usine pa gen anyen tout l'etat se vole. si te gen l'etat ayiti lekol sa-a pa tap tombe tye elev sa yo nan port-au prince, si te gen l'etat le dlo vini yo pat ap rantre kay mounn tye epi detyi peyi-a.si l'etat te respecte la loi pa tap gen kidnapin.

preval mouin konnin ou rich vreman min se lajan pep la ou vole, mouin gen you kaset kote ou tap pale premye foua le aristude te pran ekzil ou te di tout tan aristude pa tounen ayiti pap janm chanje.

li tounen li ale ayiti pa janm chanje kounye-a ou pran pouvoua pandan defoua poukisa ou pa chanje corruption nan peyi-a.pou kisa nou pa mettet ansanm poun devlope peyi-a.mouin panse you jou ayiti gen poul rantre anba te, le sa nou tout ayityan ap vin pran imiliatyon anba bouch blan ameriken.

sonje sa menn si ou rich depi se noua ou ye ou pa gen enpotans devan meriken sitou le ou ayityen.

si nou te met tet ansanm nou tap gen pi bel peyi nan karayib la se nou ki tap gen plis touris rantre nan peyi nou.se tap you bel bagay le you prezidan fini manda li epi li rete nan peyi li poul fe listoua avek pep lia. mouin se you ayityen tou men le-m gade tout sa kap pase anyen pajanm chanje epi se tank plis move lot ap pase monche sa pa fe-m plezi ditou.

Aba tout machann peyi tout moun kap mande ed nan natyon uni pou pep la epik manjel ak fanmiy li se pou bondie jige yo

Soufranspadous, November 9 2008, 11:31 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >