Les militaires demobiliser.....

< Previous | Home | Next >

Mr. Preval si mwen te nan place ou....mwen pa t'ap kite sitiyasyon saa dejenere nan menm', se pou ou aksepte ke neg sa yo legal epi tou se minista ki ilegal...se pou remete lame d'haiti kanpe ansanm ak Police yo epi tou ayiti douce, paske minista pa genyen yon bon jan kominikasyon ak pèp la....,e gen de seri de tou yo pap antre ladan

Mr. Preval...PEP LA ap tann lame d'haiti e li bezwen li plis ke jamè...nou pa di pou minista ale yon sel kou....men se pou aksepte remete lame a pendan ke minista ap kite tou piti....Olye ke ou rantre plis solda UN....fè sa ki gen pou vini lòt mwa yo rete..

Epi fe kondisyon ak nèg ansyen militè;
1) Kite yo Au Cap pou kèk mwa....e si kidnapin derasinen e ke tout moun dòmi ak pot yo louvri Yo kapab pran lòt zòn e leta dwe ba yo dwa okipe ansyen plas militè yo

2) Pa jete vye chodyè pou chodyè nèf....se pa nou yo ye pale ak yo di yo si yo vle antre an fonksyon...kòm yo konnen peyi a pot ko ka responsab yon enstitisyon konsa y'ap gen pou yo bay 14 ane salè yo vag osinon femen je sou li pou kounye a...an atandan ke y'ap touche lajan mwa ke yo va genyen depi ke yo te renouvle...

3) Mete Tèt ou dwat sou zepol ou....pa pran desizyon ki ka tounnen kont ou....jwe echec la byen veye tout bagay pozitif ak tout bagay negatif ki ka rive apre ou fin pran yon desizyon...

4) Di neg yo kom yo vini sou fòm anti-kidnapping...kelke swa neg ki ta pedi Je crois en Dieu li apre li fin rejwenn lame li se kidnapè gen gwo sanksyon k'ap tann li...."sanksyon nasyonal"

NB....Si ou remete lame a, ou va klase pami yonn nan bon prezidan ke ayiti konnen...Sa pa vle di ou pa bon kounye a non men w'ap vin pi wo nan boul je pep ki devan ou la

LI TOUJOU BON LE YON PREZIDAN KITE NON LI AP NONMEN POZITIVMAN NAN LISTWA YON PEYI..

Macken, July 30 2008, 2:05 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >