Rene Preval Blog

Developman Pou Lomon Miragwan

Search for:

Home > Rene Preval Blog > Developman pou Lomon Miragwan

Prezidan Preval,

Mwen se Bernard Cadet, mwen se yon teknisyen k ap travay nan Radyo Nasyonal peyi D'Ayiti depi 1999.

Mwen se yon ajan devlopman tou, mwen se fondate yon oganizasyon ki rele M.P.L. Mouvman Peyizan Lomon ki chita nan 2ziem seksyon Miragwan, nan wout Fondeblan.

Ansanm ak peyizan yo, nou rive reyalize anpil ti bagay paske mwen menm m te konn mache 5 kilomet pou al pran ti moso pen lekol, men kounye a timoun Lomon yo jwenn yon lekol pou pran ti moso pen pa yo okontre nan pi bon kondisyon, yo gen akse sou entenet nan lekol sa a malgre distans lan pa rapo a vil yo.

Ou ta ka sezi Prezidan preval pou tande sa men se vre .

mwen ta renmen mande w Prezidan Preval 2 bagay souple, zon sa a se yon plenn li ye ki ka fe anpil manje, tankou diri, mayi, tout kalite legim epi yon rivye pase sou te sa a ki soti nan plenn Abraham ( Fond-des Negres ), ou konn zonn sa byen Prezidan paske ou te vizite Abraham deja .

Nou ta bezwen yon ponp ak mwayen pou kanalize pou moun yo ka fe manje epi nan bonbat lamize ak pwodiksyon nasyonal la .

Pou lekol la, nou ta renmen klotire lakou pou sekirize lekol la ak ekipman nou tankou : pano soley, delko, antenn pou entenet la, materyel lekol yo .

Non lekol la se Centre d'Enseignement Toussaint Louverture de Lhomond ke MENJS toujou itilizepou fe egzamen CEP chak ane.

Ou gen anpil zanmi w ki soti nan zonn sa a tankou Henri claude Voltaire, Pe Yves Voltaire pou m site sa yo selman .

Mwen kwe Prezidan Preval wap voye repons pou moun Lomon yo epi mesi anpil pou mwayen sa a ou mete pou pep la kapab komike ak ou.

mwen mande pou aksepte salitasyonm .

Chapo ba pou ou

Bernard Cadet
Technicien a la RNH
Tel 3-460-967, 2-223-7959

Posted by Bernard Cadet on 4/30/08 11:57 AM

REPLY to topic
or start a NEW Topic

Share this post, Email it to a friend

Msg List | Archives

Bookmark it via:
Digg Digg, del.ico.us del.icio.us, StumbleUpon StumbleUpon, Digg Google


Rene Preval

Rene Preval Blog

 Blog Home
 Blog Topic List
 Blog Archives
 Leave a Message!

Topics being Discussed

 Crisis In Haiti
 Manifestation In Haiti
 Chavez en Haiti
 Senator Boulos
 La Vie Cher en Haiti
 Double Nationalite
 Haitian Government
 Jacques Edouard Alexis
 Investing in Haiti
 Energie Solaire
 Jean Bertrand Aristide
 Duvalier
 Tonton Makout
 Cite Soleil
 Haiti Politiques
 Force Armee D'Haiti

Rene Preval

 Rene Preval First Term
 Rene Preval '05 Campaign
 Preval The Agronomist
 Preval Inauguration Speech
 Rene Preval Photos
 Haitian Political Parties

American Politics

 Let's Talk American Politics!
 Barack Obama
 Hillary Clinton


Recently Posted

We Will Miss You Mon Cher Claude. Merci Pour Tout.
Re: Neg Marron
Where Do You Stand: In Helping Haiti That Is.
Give Your Feedback: Go Check This Clip Out.
Dr Cornelly Directeur Général De L’hôpital
Opinyon Sou Problem Peyi A
Female Genital Mutilation 2 Video Expose
Lapriye Se Kle
Un Autre Agronome Pour Juguler La Faim
I Love Your Message!!

 

Hot Topics

Preval School Grades
The Question Of Double Nationality
Do President Preval Have False Credentials?
Haiti To Become American Territory
Citadelle: Laferrière. H. Chistophe Mégalomanie
VidÉo ExposÉ 4 : Les Matres De L'univers
Haiti Names New Prime Minister Dimanche 27 Avril
Ministre Pierre And Aristide
Give Your Feedback: Go Check This Clip Out.
Président Préval Petit Frère De Bouki


Site map     Rene Preval 2001  |  Political Events  |  Haiti Parties Politiques  |  Haiti Election 2005  |  Haiti Government  |  Haiti Historical Events  |  Haitian Armed Forces  |  Haiti Economy  |  Haiti Geography  |  More »

© 2008 www.prevalhaiti.com